Madi 20 Out 2018         
Plis Pase 30.000 Moun Deja Telechaje Ap Distri a. Èske w Fè Sa Deja?

Si w poko telechaje Ap distri a, ou dwe fè sa kounye a.
Tout enfòmasyon ou bezwen pou ane lekòl la disponib fasil fasil anba dwèt ou, epi kounye a Ap la pèmèt ou resevwa kominikasyon dirèkteman soti nan lekòl pitit ou.

Nouvo Pwosedi pou Tout Stad nan Lekòl Segondè Distri a

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap aplike nouvo pwosedi pou tout aktivite ki ap fèt nan stad nan lekòl segondè yo.
Kòmanse ak match foutbòl ameriken ki ap fèt nan semèn sa a, se sèlman valiz plastik transparan y ap kite rantre nan stad la. Eksepte sache kouchèt bebe. Y ap fouye tout valiz.
Yo pa p kite moun rantre nan yon match apre kòmansman twazyèm pati a. Yo pa p kite okenn moun reantre nan stad la si l kite l avan yon match fini.
Yo pa p otorize moun flannen deyò estad la avan, pandan epi apre yon match fini. Depi yon match fini, tout espektatè dwe kite lokal lekòl la.
Tout lekòl dwe jwe match lakay yo a 6 p.m. depi sa posib pandan sezon foutbòl la. Nenpòt moun ki vle asiste yon match nan nenpòt lekòl segondè nan distri a dwe tcheke ak lekòl la pou konnen kilè match la ap kòmanse.
Fè yon Menas Sou yon Lekòl se pa yon Plezantri, SE YON KRIM

Dapre lwa Florid ki rele Lwa Marjory Stoneman Douglas High School Public Safety Act, kounye a se yon krim dezyèm degre si yon moun fè menas tire oswa zak teworis sou platfòm medya sosyal yo, menmsi ou poste l tankou yon plezantri. Moun ki vyole lwa sa a kapab ale nan prizon pou rive jiska 15 ane. 

Chanjman nan Kalandriye Lekòl: Pa p Gen Lekòl Madi 28 Out

Lekòl nan Rejyon Palm Beach ap fèmen madi 28 out 2018 apre Komite Direksyon an apwouve chanjman nan kalandriye 2018-2019 la.
Madi 28 out se jou eleksyon primè nan eta Florid epi anpil nan lekòl nou yo se biwo vòt yo ye. Elèv pa p gen lekòl jou sa a men li ap sèvi kòm jou fòmason pwofesyonèl pou pwofesè. Tout lòt anplwaye distri a ap travay nòmalman epi tout biwo administratif ap ouvè.

Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-963-3820  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.