Mwen se sipèentandan Doktè Fennoy. Genyen gwo aktivite nan Akademi Kuizin isit la nan lekòl segondè Santaluces. Elèv yo ap prepare manje pou fèt Aksyondegras. Pou mwenmenm, fanmi m ak manje manman m kuit se pi bon engredyan pou yon bon fèt aksyondegras.
Mwen vle nou konnen konbyen mwen remèsye nou paske nou devwe chak jou pou elèv nou yo. An n pa bliye Distri nou an genyen nòt A. Nou se yon distri kote elèv yo vin jwenn nou san yo pa pale anglè epi yo gradye pou ale nan pi gwo inivèsite yo. Nou se yon distri kote elèv yo vin ranpòte gwo prim
Grammy
, yo vini politisyen, aktivis, pwofesè, direktè lekòl epi tou gwo kuizinye jan yo ye nan lekòl Santaluces.
Elèv nou yo kapab vini nenpòt sa yo reve akoz angajman nou. Sa a se yon bagay pou nou gen gratitid pou li. Pandan sezon fèt sa a, mwen espere nou pwofite de semèn vakans nou byen merite a epi nou onore tradisyon ki enpòtan pou fanmi nou.