Mèkredi 2 Me 2018         
Me Se Mwa Eritaj Ayisyen

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la an kolaborasyon ak Sistèm Bibliyotèk la ap òganize plizyè aktivite ankò yon fwa ane sa a pou komemore Mwa Eritaj Ayisyen. Seri aktivite sa yo ap fèt pandan tout mwa a nan plizyè branch bibliyotèk nan rejyon an. Ap genyen selebrasyon nan lekòl yo tou ak lòt kote nan kominote a.

Pami aktivite ak inisyativ yo ap genyen: konkou disètasyon tradisyonèl Fondasyon Gaskov Clergé patwone a, (tèm nan ane sa a se: Antanke yon jèn imigran ki ap fini lekòl segondè, si m te gen tout resous finansye mwen bezwen kisa mwen t ap fè?),
Anons Loreya Konkou Disètasyon Mwa Eritaj Ayisyen

Komite òganizasyon konkou disètasyon Mwa Eritaj Ayisyen an ap anonse loreya pou ane 2018 la.

Premye Plas : Christa Dor, Lekòl Segondè Boynton Beach, Klas 11yèm
Dezyèm Plas: Alexis Ruth Sincere, Lekòl Segondè Suncoast, Klas 12yèm
Twazyèm Plas: Cynthia Leconte, Lekòl Segondè Boca Raton, Klas 11yèm

Sijè a se: “Kijan m kapab kontribye nan amelyorasyon peyi natifnatal mwen Ayiti?
Kijan w vle pran nouvèl ki soti nan Distri a? Patisipe nan ankèt nou an.

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la vle konnen kijan paran, anplwaye, elèv, lidè yo, ak kominote a anjeneral jwenn nouvèl ki soti nan distri a ak kijan yo vle jwenn nouvèl sa yo.

Depi Jodi a jiska 31 me, distri a envite kominote a pou patisipe nan yon ankèt sou entènèt pou fè konnen kijan yo vle resevwa nouvèl distri a, kit se pa imel, aplikasyon mobil, paj entènèt, oswa medya sosyal yo. Y ap mande yo tou kijan aktyèlman yo resevwa nouvèl ki soti nan distri a.

Depatman Kominikasyon travay ak SCoPE (Evalyasyon Pèfòmans Kominikasyon Lekòl) pou fè ankèt sou entènèt la. Ankèt la ap an Anglè, Panyòl, ak Kreyòl, epi li ap sou paj prensipal distri a.

Pou pran ankèt la an kreyòl, klike la a: http://sdpbc.scopeschoolsurveys.com/index.php/954617/lang-fr

Pou pran ankèt la an angle klike la a: http://sdpbc.scopeschoolsurveys.com/index.php/954617/lang-en
Telechaje Nouvo "AP" Distri a


Telechaje nouvo " AP" distri a sou telefòn pòtab ou, ak Ap sa a w ap jwenn enfòmasyon sou kesyon ou genyen osijè aktivite lekòl, transpòtasyon, espò, enfòmasyon sou distri a, meni manje lekòl, elatriye. Chache Palm Beach County School District.
Prepare epi distribiye pa Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org|  561-963-3820 
Dwa Otè © 2017. Tout Dwa Rezève.