Votè nan Rejyon Palm Beach yon fwa ankò bay elèv priyorite paske yo apwouve referandòm ki te nan bilten eleksyon 6 novanm nan.
Referandòm nan ki ap rantre an aplikasyon premye jiyè 2019, ap ogmante to milaj la pou rive 1. Ogmantasyon sa a ap bay distri a anviwon $200 milyon pa ane pou lekòl li opere yo pandan 4 ane ki ap vini yo.
Doktè Fennoy di:”Sa montre anpil angajman nou genyen pou lekòl nou yo.”
Taks sa a ap pèmèt pwofesè nan rejyon Palm Beach vin pami sa ki pi byen touche yo nan eta Florid la, epi li ap asire nou kontinye rekrite epi kenbe bon pwofesè pou elèv nou yo. Pwofesè ki kalifye pou salè siplemantè a ap wè premye ogmantasyon an sou chèk yo 23 out 2019.
Anplis taks sa a ap kontinye peye pou 650 pwofesè atizay, mizik, espò, sante, pwogram ochwa ak karyè. L ap pèmèt amelyore sekirite lekòl yo epi rekrite plis pwofesyonèl sante mantal.
Chak grenn dola ki kolekte ap rete nan rejyon Palm Beach la, epi ap genyen yon komite endepandan ki genyen ladan l sitwayen ak ekspè pou kontwole tout depans.
“Akoz angajman nou pou kontinye asire ke elèv yo jwenn yon ansèyman nivo mondyal, lekòl nan Rejyon Palm Beach yo ak kontinye bay pi bon edikasyon posib epi ofri anplwaye l yo yon anviwonnman ki byen rekonpanse travay yo,” Doktè Fennoy di.