David Alfonso ranpòte prim Direktè pou ane 2018-2019 la pou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li se Direktè Lekòl Segondè Palm Beach Lakes.
Alfonso te youn nan finalis pou chak nan kat rejyon Distri a ki te genyen pami yo : Lisa Lee ki soti nan Lekòl Elemantè Orchard View, Tharachell Thomas ki soti nan Lekòl Elemantè Pine Job, ak Kimberly Thomasson ki soti nan Lekòl Elemantè Gove.
Alfonso resevwa plizyè kado pou akonplisman sa a ke Comcast, UnitedHealthcare, LRP Media Group, Johnson Controls ak Office Depot te patwone.
Antanke moun ki genyen premye pri a, Alfonso kalifye pou
Principal Achievement Award for Leadership
ke Depatman Edikasyon Eta Florid prezante. Y ap anonse gayan an pita nan ane a.