Madi 4 Septanm 2018         
De Ansyen Elèv ESOL Ap Fasilite Ansèyman nan Klas

Dixon Morigene ak Xochitl Arreola se de elèv ki pa lontan pase sa te fè eksperyans kite peyi yo pou vini lekòl Etazini kote yo te ap fè fas ak yon kilti epi yon lang ki diferan. Jodi a toude ap itilize eksperyans yo pou ede elèv nan pwogram ESOL la ki se pwogram pou elèv ki soti nan lòt peyi ki poko metrize anglè byen yo.

Èske w konnen nou genyen platfòm twitter nan lang Kreyòl Ayisyen, menmjan nou genyen twitter nan lan panyòl ak anglè ?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl distri a.
Samdi 8 Septanm Depatman Transpòtasyon Ap Òganize Jounen rekritman pou Chofè Bis

Depatman Transpòtasyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap òganize jounen anbochaj pou chofè bis samdi ki ap 8 septanm soti 8:00 nan maten pou rive 2:00 nan apremidi nan lokal ki nan 3376 Summit Blvd nan West Palm Beach.
Moun ki genyen aplikasyon sou entènèt la ap tou pase entèvyou jou sa a. Sa ki pa gen aplikasyon yo nan sistèm nan, nou ankouraje yo vini ak dosye travay yo ki genyen adrès, nimewo telefòn sipèvizè yo, ak lisans chofè yo (note byen: li ta bon si yo pote dosye chofè yo tou). Ap genyen anplwaye ki pou ede yo mete aplikasyon yo nan sistèm nan. Si gen tan pou sa, moun sa yo kapab jwenn entèvyou jou sa a, oswa yo kapab jwenn yon randevou pou vin pase entèvyou. (Klike la a pou li plis)
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-963-3820  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.