Lendi 13 Out 2018         
Sipèentandan an ap di tout paran ak elèv bon retou, bon ane lekòl 2018-2019

Elèv nou yo ak paran yo, mwen kontan anpil wè nou ki retounen lekòl. Tout anplwaye nan distri a te okipe anpil pandan vankans ete a. Anpil nan pwofesè yo te pran klas pou devlopman pwofesyonèl yo. Polis nou yo pran anpil trening. Anpil nan direktè lekòl nou yo te travay pandan tout vakans la pou prepare rantre lekòl, pran trening pèsonèl yo, epi travay ak ekip reparasyon bilding yo pou asire nou lekòl yo pare pou premye jou rantre a. Noutout nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la angaje nou pou asire reyisit elèv, se lang sa a nou pale nan tout depatman nou yo ak lekòl yo. Paran ak elèv enpòtan tou nan ekip la, konsa nou ap bezwen kolaborasyon nou pou fè ane lekòl la yon ane ki reyisi.

Dabò nou vle pou tout elèv toujou prezan lekòl chak jou. Absans, reta, kite lekòl avan lè, fè elèv rate opòtinite pou aprann epi genyen enpak negatif sou reyisit akademik yo. Pwofesè pa p kapab anseye elèv ki pa prezan nan klas. Nou vle tou pou elèv yo pase tan ap li lè yo lakay yo tou chak jou. Lekti lakay ede amelyore konesans yo nan lang, devlope kapasite analiz yo, fè yo ekri epi panse pi byen. Si w pa konnen kisa pou pitit ou li lakay li, pa ezite mande pwofesè li sijeseyon oswa espesyalis nan bibliyotèk nan zòn kote ou rete a. ...
Sekirite Lekòl Kòmanse Lakay: Ti Konsèy Sekirite pou Ane Lekòl la  

“Koze sekirite se koze pa nou.” Se sa m t ap mache di pandan premye mwa mwen pase nan pozisyon m kòm Chèf Polis pou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Se yon bagay mwen kwè ladan l toutbon. Noutout genyen yon wòl pou nou jwe nan sekirite elèv ak lekòl nou yo.
Men kèk ti konsèy senp ak rapèl tout paran dwe pataje ak pitit yo pou sekirite yo premye jou lekòl ak chak jou pandan ane a:
Preparasyon ak distribiye Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-963-3820  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.