Madi 5 Mas 2019         
Tès SAT Gratis pou Elèv nan Rejyon Palm Beach
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach angaje l pou prepare elèv pou edikasyon siperyè apre yo fin gradye. Youn nan fason li fè sa se ofri yo opòtinite pran tès SAT a gratis. Distri a se premye distri nan peyi a nan ane 2010 ki te ofri tout elèv klas tèminal yo opòtinite sa a pou yo te pran tès la pandan yon jou lekò. Objektif la se pou ede elèv ki pa t ap kapab gen posiblite pran egzamen sa a pou rantre nan kolèj akoz rezon finans. 
Dat tès gratis SAT a ap bay se mèkredi 6 mas. Dat ratrapaj la pou sa k pa t kapab pran l yo se ap 9 avril.
Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-963-3820  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.