Madi 6 Out 2019          
Enfòmasyon sou Rantre Lekòl
Lekòl ap reouvri lendi 12 out 2019. Nou bezwen konnen enfòmasyon sou adrès lekòl, pakou ak estasyon bis, enskripsyon elèv, lè lekòl, vaksinasyon, kalandriye lekòl, sèvis manje lekòl, sekirite lekòl, transpòtasyon.

Men kote w ap jwenn enfòmasyon pou zafè vaksinasyon.

Ou Wè yon Bagay, Di yon Bagay, Fè yon Bagay

An kolaborasyon ak Eta Florid la, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap enplemante yon lòt estrateji pou kenbe pitit ou ansekirite lekòl.
 
Nou ankouraje elèv, paran, manm kominote a, ak estaf distri a pou telechaje Ap ki rele Fortify FL. Se yon zouti pou rapòte aktivite sispèk rapidman bay lapolis ak administratè lekòl yo.  (Klike la a pou w li plis)
Nouvo Direktè/Direktris Lekòl yo Pare pou Akonpli Objektif yo
Plizyè nouvo direktè/tris pral pran tèt anpil lekòl nan distri a pou kòmansman ane lekòl 2019-2020 an. Yo te prezante yo nan reyinyon komite direksyon distri a nan dat 19 jen 2019 ankonpayi sipèentandan rejyon yo.
Rejyon Glades la pa gen Lekòl D ak F

Pou premye fwa nan 20 ane ki pase yo, pa gen youn nan lekòl nan rejyon Glades la ki genyen nòt “D” oswa “F”. Sipèentandan an rejyon an Angela Moore di se rezilta bon travay tout administratè, pwofesè, elèv, estaf sipò yo ak paran yo.
Komite Direksyon Distri a Fè Chanjman nan Kalandriye Lekòl 2019-2020

Komite Direksyon Distri a vote pou ajiste kalandriye lekòl pou ane 2019-2020 an. Kòm rezilta, pou fèt veteran pa p genyen lekòl pou elèv 11 novanm 2019. Jou a se ap yon jou fòmasyon pwofesyonèl pou pwofesè epi yon jou travay regilye pou lòt anplwaye.
Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyol

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl ak enfòmasyon ki soti nan distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org 561-738-2776  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.