Chè Paran,
Vakans Prentan an rive sou nou. Kèlkeswa jan nou pral amize nou nan bon klima sezon sa a, mwen espere pwogram yo genyen liv ladan yo.
Lekti se pi bon abitid elèv kapab devlope ki ap ede yo reyisi akademikman nan tout sijè. Anplis lè yon moun li pou pastan, sa devlope lakay li yon lanmou pou lekti. Pa gen anpil semèn ki rete nan ane lekòl la. Kidonk, li pa twò bonè pou w gen tan ap panse kijan pitit ou pral pase granvakans la. Pou timoun nan nivo mwayen ak segondè yo, eksperyans travay kòm entèn konn bon anpil. Kapasite pou kolabore ak adilt nan kote y ap travay se yon konpetans patwon yo toujou ap di m yo wè ki manke lakay jèn anplwaye yo.
Kapasite pou gade moun nan je, byen resevwa kliyan, ak fè plizyè aktivite alafwa anmenmtan pou reyalize yon travay, se konpetans patwon yo di yo pa jwenn fasil lakay jèn yo. Ladrès sa yo jèn yo pa genyen yo otomatikman. Se nan eksperyans pou yo aprann yo. Pa tann se jistan yo gran pou yo kòmanse fè eksperyans travay. Ankouraje yo al travay kòm entèn oswa al travay ak yon adilt pou yo kapab kòmanse pran eksperyans sa yo.
Pou elèv ki pi piti yo, youn nan fason ki bon anpil pou yo aprann se li liv ki gen rapò ak karyè ki enterese yo. Yo dwe aprann se nan travay di lekòl yo kapab reyalize rèv yo pou vin yon doktè, yon ajan ponpye, yon kuizinye, elatriye. Lè yo li liv ki pale osijè karyè sa yo depi yo nan nivo elemantè sa ede yo wè rapò ki genyen ant sa y ap aprann lekòl ak karyè a.
Lakay Fennoy yo, nou ap eseye fè pitit fi nou an dòmi nan gwo kabann li fèk genyen an. Ti gason an menm ki nan klas senkyèm, n ap kouri dèyè l pou li fè devwa li. Mwen di sa pou m fè nou konnen mwen byen konprann travay tout jounen epi okipe timoun nan afè lekòl yo pa yon bagay ki fasil epi enteresan. Pwofesè pitit ou vle pou w kenbe je sou li pandan tout ane a. Tcheke valiz, tcheke devwa, epi an n di timoun yo pou yo fè yon ti fèmen televizyon an epi pou pase plis tan ap li.
Mwen espere wè nou lè nou retounen apre vakans la epi tande bèl istwa ak espkeryans pitit nou fè nan li paj kèk bon liv.
Sensèman,
Donald E. Fennoy, II
Sipèentandan