Madi 16 Avril 2019          
Opòtinite Pou Travay Peye Kòm Entèn

Pandan vakans ete 2019 la Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pran plezi pou ofri elèv opòtinite pou travay peye kòm entèn nan plizyè nan depatman li yo. Pwogram sa a ki se pou elèv ki genyen plis pase 16 ane ap ba yo okazyon pou fè eksperyans nan plizyè domèn. Orè travay yo ap varye selon depatman an. 
PATNÈCHIP POU APRANTISAJ SOSYAL AK EMOSYONÈL
Inisyativ sa a ranfòse relasyon nou ak Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la paske li konekte aprantisaj sosyal ak emosyonèl la nan aktivite nan lekòl yo ak andeyò lekòl yo.  
Yo Pouse Dat Limit pou Aplike pou Lekòl MSAP yo
 
Yo pouse dat limit pou aplike pou lekòl ki genyen finansman MSAP yo.
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la se te youn nan nèf distri nan tout peyi a ki te resevwa finansman sa a. Finansman twa ane sa a se yon total $11 milyon, ap sèvi pou transfòme senk lekòl pou vin pwogram espesyalizasyon.
Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org 561-738-2776  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.