26 Me 2017
Lekòl Elemantè Plumosa Swete Ansyen Fasilitatè Lang Phito Pierre-Pierre Bon Retrèt; Direktris Cathy Reynolds Deklare Jou 18 Me 2017 la “Jou pou Onore Phito Pierre-Pierre”

 Apre 14 ane sèvis devwe pou elèv ak kominote Lekòl Elemantè Plumosa, Mesye Phito Pierre-Pierre ap pran retrèt li nan fen ane lekòl sa a. (Li plis)
           ISTWA REYISIT ELÈV
Pwofesè Maria Elena Garcia Aplodi SKY METELLUS – “Kijan Detèminasyon Kraze Difikilte”

Nan ane 2012, Sky te elèv mwen nan kou Istwa Jeneral nan klas sizyèm nan Lekòl Mwayen Okeeheelee. Mwen te anseye dans nan lekòl la tou. (Li plis)
Lekòl Ap Fèmen Men Elèv Pa p Sispann Aprann: Pwogram Pandan Granvakans

 Pwogram Summer Learning Inspirations nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la bay elèv soti nan kindègatenn rive nan klas 12yèm opòtinite pou kontinye aktivite lekti ak aprann pandan y ap amize yo nan vakans la, yon fason pou prepare yo pou lè lekòl reouvri. Se ap ede yo pa pèdi pwogrè yo fè pandan ane lekòl la. (Li plis)
Depatman Sèvis Manje ap Bay Dejene ak Manje Midi Gratis pou Tout Timoun Pandan Vakans la

  Yon fwa ankò Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap ofri Pwogram Manje pandan Gran Vakans la gratis. Kòmanse madi 6 jen epi lendi rive vandredi, tout timoun ap gen opòtinite jwenn dejene ak manje midi fòtifyan ki byen balanse epi gratis. (Li plis) 
Prepare epi distribiye pa Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè
Dwa Otè © 2017. Tout Dwa Rezève.