Jedi 29 Mas 2018         
Stanley Michel
Yon ti elèv ayisyen nan klas senkyèm ap pèfòme nan plizyè lang
Stanley Michel, yon elèv klas senkyèm nan lekòl elemantè Forest Hill, voye bay tout paran mesaj pou di yo kijan li enpòtan pou ankouraje pitit yo aprann plizyè lang. Stanley nan pwogram bilend panyòl/anglè pandan lang natif natal paran li se Kreyòl.
Sitasyon Doktè Donald E. Fennoy II
 Nouvo Sipèentandan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach
“Mwen pa p dirije apati lide ras mwen. Mwen ap dirije apati kwayans mwen genyen nan bonte m takou moun. Mwen panse sa sonnen byen nan zòrèy pi fò moun.”
Ogmante Kantite Bis: Lè li te Direktè Anchèf Operasyon, Doktè Fennoy te Emplemante Pwojè Nouvo Bis yo
Sipèentandan se anmenmtan lidè seksyon akademik la ansanm ak seksyon biznis Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Yon bagay Doktè Fennoy konnen byen.
Avan yo te nonmen l 26yèm sipèentandan distri a nan kòmansman mwa a mas 2018   (Klike pou w li plis)
Yon Nouvo Ap Pèmèt Elèv Rapòte Enkyetid yo Dirèkteman Bay Polis Lokal yo

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ansanm ak Depatman Polis ap mete men ak Biwo Cherif la pou bay paran ak elèv yo yon nouvo zouti pou konekte yo dirèkteman ak lapolis.
Ap la, ki rele Pwoteksyon Elèv, pèmèt elèv, paran yo ak staf lekòl yo rapòte menas ak aktivite sispèk dirèkteman bay polis lokal yo. Li pèmèt yo tou rele 911 epi bay moun ki ap pote sekou yo adrès kote telefòn nan rele a. (Klike la a pou w li plis)
Telechaje Nouvo Ap Distri a


Telechaje nouvo Ap distri a sou telefòn pòtab ou, ak Ap sa a w ap jwenn enfòmasyon sou kesyon ou genyen osijè aktivite lekòl, transpòtasyon, espò, enfòmasyon sou distri a, meni manje lekòl, elatriye.
Prepare epi distribiye pa Biwo Kominikasyon ak Angajman

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org|  561-963-3820 
Dwa Otè © 2017. Tout Dwa Rezève.