Enfòmasyon ou dwe konnen
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach
Madi 19 Septanm 2017                
KESYON AK REPONS APRE SIK L ÒN IRMA: SA OU DWE KONNEN

KESYON: Poukisa lekòl mwen an parèt diferan?
Anpil nan lekòl nou yo te sibi domaj epi te pèdi pyebwa ak lòt plant. Men lekòl yo ansekirite. Ap genyen netwayaj ak reparasyon ki pou fèt pandan plizyè semèn.
KESYON: Kisa k ap pase pou jou lekòl nou pèdi yo?
Lwa Eta Florid mande pou elèv pase yon kantite lè lekòl ap aprann. Nan semèn k ap vini yo, distri a ap fè paran ak estaf anplwaye konnen si y ap bezwen jou ratrapaj.   (Li plis)
DISTRI A AP OFRI MANJE GRATIS BAY TOUT ELÈV JISKA 20 OKTÒB

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la jwenn otorizasyon pou ofri manje gratis bay tout elèv soti lendi 18 septanm pou rive 20 oktòb akoz enpak siklòn Irma sou Distri a ak eta Florid la.
Dejene toujou gratis nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Anplis, pandan pwochen mwa a, distri a ap kontan jwenn mwayen pou bay manje midi gratis tou bay tout elèv. (Li Plis)

NIMEWO ENP ÒTAN
T ranspòtasyon
561-357-1110
 
Operatè prensipa l
561-434-8000  
 
Biwo Pwogram Ochwa yo
561-434-8755
 
Depatman Pwogram Espesyal / ESE
561-434-8626  
 
Pwogram Apre Lekòl  
561-687-6387
 
Biwo Sipèentandan
561-629-8599  | Imel
  
Biwo Komite Direksyon Distri a  
561-357-7663  | Imel
Twa Lekòl nan Distri a Genyen Nouvo Direktè ak Direktris

Genyen twa nouvo direktè nan twa lekòl nan Distri a: Rachel Capitano, Carl Gibbons, ak Melissa Patterson.

Rachel Capitano vin direktris Don Estridge High Tech Middle ; Doktè Carl Gibbons vin direktè Lake Shore Middle , ak Melissa Patterson vin direktè John I. Leonard High . (li Plis)
Inivèsite Pou Paran Elèv Ki Nan Pwogram Edikasyon Espesyal
Nou envite w pou vin nan EVÈNMAN GRATIS sa a k ap fèt pou paran elèv ki gen andikap nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li ofri paran yo yon opòtinite pou patisipe nan seminè fòmasyon ki fokis sou estrateji ak resous pratik.

(Klike la a pou gade flayè a )
Sonje vizite paj entènèt kreyòl distri a. Bay opinyon w sou sa nou ta dwe pibliye ladan l.  
Prepare epi distribiye pa Biwo Kominikasyon ak Angajman

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org|  561-963-3820 
Dwa Otè © 2017. Tout Dwa Rezève.