|
Aktivite Pou Mwa Eritaj Ayisyen
Plizyè aktivite pwograme pou selebrasyon Mwa Eritaj Ayisyen (MEA) nan Rejyon Palm Beach la pandan tout mwa a nan plizyè bibliyotèk nan rejyon an, nan lekòl yo ak lòt kote nan kominote a.
PREMYE ENVITASYON
AKTIVITE: Inogirasyon Selebrasyon MEA
DAT: Samdi 13 me, 2017
LÈ: 2:00 - 3:30 PM
LOKAL: Lantana Branch Library
4020 Lantana Road
Lake Worth Florida, 33462
Patisipe ak nou nan inogirasyon nouvo Koleksyon Liv Ayisyen nan bibliyotèk Lantana. Apre sa, rankontre ekriven Jessica Fièvre k ap pataje eksperyans li kòm otè. Pou fini, Dayana Dolne ap prezante yon cho dans ak lòt aktivite. Evènman kiltirèl sila a ap prezante nan lang Angle ak Kreyòl. (90 min).
|