Enfòmasyon ou dwe konnen
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach
Misyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach angaje li pou bay  yon edikasyon global ekselan ak ekite pou ekipe chak etidyan pou atenn maksimòm potansyèl li ak konkou yon estaf byen  prepare pou devlope konesans, ladrès ak etik ki nesesè pou fòme sitwayen responsab ak travayè k ap pwodui.
 

Lidè Ayisyen ak Reprezantan Òganizasyon Kominotè yo Patisipe nan Premye Akademi pou Sitwayen Ayisyen

Vennsenk lidè ak reprezantan òganizasyon kominotè ayisyen yo patisipe vandredi ki te 3 fevriye 2017 la nan premye Akademi pou Sitwayen Ayisyen ke Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pran inisyativ òganize nan Lekòl Elemantè Galaxy E3 nan Boynton Beach. Akademi an te planifye pou pataje enfòmasyon ak patisipan yo osijè Distri a pou ede yo pi byen konprann fonksyonman l epi angaje yo pi plis pou sipòte siksè akademik elèv.

ANONS ORÈ SEREMONI GRADYASYON YO POU ANE 2017

Apati dat 10 me 2017 la, seremoni gradyason ap kòmanse pou pwomosyon 2017 la nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach. Gradyasyon ap fèt pou pwomosyon nan 32 lekòl ak akademi.

Y ap televize seremoni gradyasyon yo andirèk sout kanal televizyon distri a T.E.N, Comcast 23 ak AT&T kanal 99, l ap pase tou sou entènèt la ak pawòl yo ekri sou ekran an.


Tanpri sonje pou toujou konfime dat ak lè yo ak lekòl pitit nou paske dat ak lè yo kapab chanje.


Gayan Setyèm Konkou Prevansyon Konsomasyon Alkòl

Yo pibliye non gayan ak finalis Setyèm Konkou Prevansyon Konsomasyon Alkòl pami 750 kandida ki soti nan 52 lekòl ak sant kominotè nan rejyon Palm Beach. Tèm ki te chwazi ane sa se: “Fiti w briyan lè pa gen alkòl ladan l”.

 Men lis gayan yo ak finalis:


Lekòl Segondè Royal Palm Beach kounye a resevwa otorizasyon pou li delivre pwogram Bakaloreya Entènasyonal la. Lekòl la vin nouvo lekòl ki otorize pou pwogram sa a pami lòt yo ki nan 147 peyi diferan nan lemond.

Pwogram Bakaloreya Entènasyonal la se yon pwogram ki akademikman avanse epi balanse ki prepare elèv pou patisipe nan kolèj ak karyè nan mond global la. 

Diplòm Bakaloreya Entènasyonal la rekonèt nan lemond antye. 

Nimewo Sant Apèl pou Sèvis transpòtasyon Distri a chanje. 

WEST PALM BEACH - Apati premye janvye 2017 la, nimewo Sant Apèl pou Sèvis transpòtasyon an chanje. Kounye a li se:  (561) 357-1110. Tout lòt nimewo avan sa pa ansèvis ankò.

Sant Apèl sou Sèvis Transpòtasy0n an ouvri soti 6:00 a.m. pou 6:00 p.m. chak jou lekòl. Reprezantan yo ap la pou reponn kesyon ak enkyetid ou genyen epi ba w enfòmasyon. 
 
GADE CHO KREYÒL DISTRI LEKÒL REJYON PALM BEACH LA “Fowòm Edikasyon Kominotè”

Kanal Televisyon Rezo Edikasyon Distri a ap prezante regilyèman emisyon kreyòl sou edikasyon pou kominote ayisyen an ki rele “Fowòm Edikasyon Kominotè”. Gade emisyon an pou jwenn dènye enfòmasyon sou pwogram, aktivite ak opòtinite yo ofri nan lekòl yo ke pitit ou kapab benefisye.
Cho a pase chak jou a 6:30 epi 11:30 nan maten, ak 10:30 nan aswè sou kanal T.E.N., Comcast 234 ak ATT Uverse 99. Ou kapab wè dènye pwogram yo sou entènèt sou paj kreyòl distri a www.palmbeachschools.org/creole.

Fowòm Edikasyon Kominotè 11-10-16
Sonje vizite paj entènèt kreyòl distri a. Bay opinyon w sou sa nou ta dwe pibliye ladan l.  
Facebook   Twitter