Anvan te gen enjenyè "lojisyèl", Margaret Hamilton te yon ti fi etranj ki te renmen rezoud pwoblèm lavi kotidyen epi jwenn solisyon ak lide orijinal pou yo. Epòk kote fanm oswa tifi, te dekouraje nan etidye matematik ak syans, mach anavan Margaret fè l tounen yon inovatris nan ekri kòd enfòmatik. NASA wè sa epi anplwaye l kòm direktè pwogram lojisyèl anvan premye aterisaj linè a. Kontribisyon li pou systèm deteksyon erè ki sove lavi te esansyèl pou siksè istorik.
Pwogrè ekstraòdinè ak reyalizasyon fanm tankou Hamilton ak lòt moun se chwa anplwaye Sistèm Bibliyotèk Piblik Konte Miami-Dade pou mwa sa a, pou onore Istwa Fanm nan mwa Mas. Tcheke yo nan www.mdpls.org/staff-picks. Pou enskri nan Klib Lekti The Children’s Trust la kote timoun 0-5 an resevwa yon liv gratis chak mwa nan lapòs, tekste "Liv" nan 786.460.CLUB (2582).