Jan Pou N
Elve
Timoun

Poukisa Kèk Timoun pè Tounen Lekòl?

Kisa w ka fè pou chanje mantalite yo?

Pandan kan ete ap fini e mwa Out ak tout chalè l ap dewoule, ou ka wè timoun refè ak sak te raz kap tounen nan salklas lekòl atravè Miami-Dade County. Men, kòm enkyetid tounen lekòl la kòmanse parèt, paran yo ka ede timoun yo adrese enkyetid yo ak sajès, anbrase avanti akademik la ak asire yon retou lekòl pi positif pou otòn 2022.

Li piplis

Nan Twa Evènman Family Expo Pou Retou Lekòl The Children's Trust Akomode Plizyè Milye Timoun Ak Fanm

Twa evènman ki gaye nan tout konte a ofri founiti lekòl, resous ak plezi

Evènman The Children's Trust Family Expo yo te atire plizyè milye timoun ak fanmi Sid Eta Florid ki t ap pare pou retou ane lekòl nan mwa sa a. Evènman yo te fèt samdi 26 Jiyè, nan Miami Dade College Wolfson Campus, samdi 30 Jiyè, nan Sweet Home Missionary Baptist Church nan Cutler Bay, ak 6 Out, nan Betty T. Ferguson Recreational Complex.


Family Expo kontinye rete pi bon chans pou fanmi yo konekte ak rezo founisè Trust la ansanm ak lòt ajans kominotè ak òganizasyon k ap bay yo sèviso, tankou pwogram apre lekòl ak anrichisman, edikasyon sou nitrisyon, prevansyon blesi, pwogram pou timoun ki gen bezwen espesyal, enfòmasyon sou enskripsyon pre-K ak kontak KidCare.

Li piplis

Nouvo Gid Federal Pou Evite Disiplin Diskriminatwa Pou Elèv Andikape

Rekòmandasyon pou fòmasyon, revizyon ak entèvansyon

Ozetazini, anviwon 8 milyon timoun resevwa sèvis edikasyon espesyal, men dènyèman U.S. Depatman Edikasyon remake ke timoun andikape yo te sib pratik disiplinè san distenksyon ant sispansyon ak ekspulsyon ke li konsidere kòm alarman. 


Nan dat 19 jiyè, pou asire dwa Lwa Edikasyon Moun Andikape (IDEA anglè) byen aplike, Depatman Edikasyon Nasyonal ratifye prensip ki ta dwe gide distri lekòl yo lè y ap disipline elèv andikape.

Li piplis

Klinik Lekòl Yo Ap Prepare Pou Retou Nan Salklas

The Children's Trust organiza yon konferans fòmasyon pou plis pase 340 enfimyè lekòl ak pwofesyonèl sante mantal

Le 3 out, The Children's Trust te kòmanse konferans HealthConnect li a, yon evènman fòmasyon twa jou pou ede prepare plis pase 340 enfimyè lekòl, travayè sosyal ak pwofesyonèl sante mantal pou nouvo ane eskolè a. Pwofesyonèl sante sa yo ki bay elèv premye swen sante ak byennèt mantal, te reyini ansanm pou aprann dènye enfòmasyon ki gen rapò ak byennèt emosyonèl sosyal, sekirite lekòl la, ak plis ankò. Premye jou evènman an te fèt nan Lekòl Segondè Ronald W. Reagan Doral, atravè yon patenarya ak Lekòl Leta Miami-Dade County. De dènye jou fòmasyon yo te fèt vityèlman.

Li piplis
Resous pou paran yo
Èske w ap chèche yon pwogram apre lekòl pou pitit ou a? Children's Trust finanse divès pwogram apre lekòl ki mete aksan sou pwogram enteresan, aktif ak edikatif.
Pwogram apre lekòl
Nan nouvo The Children’s Trust Book Club la ap vini ankò ak kèk nouvo liv gratis, chak mwa, kote y ap voye yo ba wou palapòs pou tout timoun nan Miami-Dade ki fèk fèt rive nan laj 5 an. 
Book Club
The Children’s Trust Parent Club ofri atelye GRATIS, nan tout konte a sou sijè ki enpòtan sou elve timoun ki gen siksè, ki an sante, ak kè kontan.

Aplike
Men kote ouka jwen enfòmasyon ki ka ede'w jere kriz Kowona nan
Paj Coronavirus Konte Miami-Dade la sou ki kote ak kijan pou enskri pou pran vaksen COVID-19:
Vizite Sit Wèb
CDC a te gen yon paj entènèt espesyal ak Kowona enfòmasyon, dènye yo ak konsèy.


Vizite Sit Wèb
Depatman Sante Eta Florid paj Kowona nan

Vizite Sit Wèb
Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la gen yon paj Coronavirus, osi byen ke yon Gid pou Paran pou Novel Coronavirus la.
Vizite Sit Wèb
Pou aprann plis vizite www.TheChildrensTrust.org oswa rele 211.
Ann rete konekte!
Facebook  Instagram  Twitter  Linkedin  Youtube  Pinterest