Madi 20 Out 2019          
Konekte epi Tabli Objektif  
Byen anseye elèv epi kenbe yo ansekirite se misyon prensipal nou. Pandan lekòl la ap kòmanse ane sa a Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la defini plizyè objektif li vle akonpli nan liy sa a. Yo se:
1.        Sekirite elèv pandan yo nan bis yo ak nan lokal lekòl yo.
2.         Akeyi elèv yo lekòl ak kè kontan epi anpil antousyas. Klike la a pou li plis)
Ou Vle Fè Volontarya nan Lekòl yo?

Si w vle fè volontarya nan lekòl nan Rejyon Palm Beach la? Men sa ou dwe fè:
1- Kontakte koòdinatè pwogram volontarya nan lekòl la.
2- Enskri nan lekòl la.
Lajan Federal ak Referandòm nan Bay Fon Adisyonèl Pou Sipòte Sante Mantal
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach resevwa yon sibvansyon pou ogmante sèvis sipò pou sante mantal.  Palm Beach County Substance Awareness Coalition  resevwa $125.000 pou etann Premye Èd pou Sante Mantal, yon pwogram edikasyon piblik tounèf pou prevni itilizasyon sibstans nosif ak asiste moun ki gen pwoblèm sante mantal.   (Klike la a pou li plis)
Sezon Foutbòl Ameriken Sekirite – Tikè

Sezon chanpyona foutbòl ameriken ap kòmanse semèn sa a. Nou kontan swete byenvini tout elèv nou yo ak fanmi yo. Jwèt yo ap kòmanse kounye a a 6:30 p.m.

Men nouvo mezi sekirite ki mete anplas:
·        Yo kapab fouye tout moun, valiz yo ak machin yo (Klike la a pou li plis)
College Board Ofri Jiska $5 Milyon Dola Bousdetid pou Elèv Klas Onzyèm
Pwosesis pou aplike pou bousdetid kapab bay elèv anpil tèt chaje. Elèv nan klas onzyèm kapab jwenn jiska $40 mil dola bousdetid si yo konplete sis etap pou prepare pou kolèj. De premye yo se fè yon lis kolèj ak pratike pou pran tès SAT.
Ou Wè yon Bagay, Di yon Bagay, Fè yon Bagay

An kolaborasyon ak Eta Florid la, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap enplemante yon lòt estrateji pou kenbe pitit ou ansekirite lekòl.
 
Nou ankouraje elèv, paran, manm kominote a, ak estaf distri a pou telechaje Ap ki rele Fortify FL. Se yon zouti pou rapòte aktivite sispèk rapidman bay lapolis ak administratè lekòl yo.  (Klike la a pou w li plis)
Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyol

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl ak enfòmasyon ki soti nan distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-738-2776  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.