Vandredi 19 Novanm 2021
Sipèentandan Mike Burke swete tout kominote a yon bon sezon Aksyondegras. Mesye Burke montre nou kijan elèv yo, anplwaye yo ak kominote a ap prepare sezon gratitid la. Nou swete ou menm ak fanmi ou yon bon fèt Thanksgiving! Klike la a pou w li mesaj sipèentandan an. Klike la a pou w gade videyo mesaj la an anglè.

Rapèl enpòtan: Lekòl ak biwo distri yo ap fèmen semèn 22 novanm nan epi reouvri lendi 29 novanm.

Gade Cho Televizyon Nou "Enfòme W" Pou Semèn Sa a!

"Enfòme w" se vèsyon videyo bilten enfòmasyon nou chak semèn.
Nan emisyon sa a n ap pale osijè: Enfòmasyon sou Pwogram Ochwa yo
Kalandriye Pou Ane Lekòl 2022-23 a Apwouve
Komite Direskyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la apwouve kalandriye akademik pou ane lekòl 2022-2023 a pandan reyinyon li nan dat jedi 17 Novanm lan. Dapre kalandriye a, premye jou lekòl ap tonbe 10 out 2022, epi dènye jou lekòl se ap 26 me 2023.

Vilaj Wellington Bay Lekòl Wellington Yo Prèske $400K
Vilaj Wellington kontinye sèvi kòm yon sipòtè eksepsyonèl Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, ak don jenere Keely Spinelli Grant li bay lekòl ki nan Wellington yo.
Prèske $400,000 te distribiye bay 11 lekòl nan zòn Wellington. Chak lekòl resevwa $36,363 pou ede elèv yo nan lekti ak matematik.
Edikasyon pou Karyè Motive Siksè Elèv
Nakia Thawe, yon elèv klas tèminal nan Lekòl Segondè Seminole Ridge, jwenn nominasyon pou U.S. Presidential Scholarship Award nan kategori Edikasyon Teknik ak Karyè. Gade kijan l patisipe nan de pwogram diferan. Konpliman Nakia!
Terah Strauss Se Gayan "Remèsye Yon Pwofesè"
Pou semèn sa a gayan inisyativ "Remèsye Yon Pwofesè" se Terah Strauss. Li se yon pwofesè atizay nan Lekòl Elemantè Hagen Road. Inisyativ sa a ankouraje pwofesè ki devwe epi dedye tout resous yo nan edikasyon elèv nou yo. Madam Strauss travay di anpil pou devlope kreyativite lakay t0ut 700 elèv ki nan lekòl la.
De Elèv Ranpòte Prim $2,500 pou Bay Estati Non
Felisitasyon pou Tyler LeClair nan Lekòl Mwayen Eagle's Landing ak Aurora Ashcroft nan Lekòl Elemantè Jupiter ki genyen prim pou non yo te chwazi pou Moniman Chen Ewo Militè Ameriken an. Tou de elèv yo ak lekòl respektif yo te resevwa yon chèk $2,500 nan men Lois Pope LIFE Foundation.
Lidè Biznis yo Enspire Antreprenarya
Jèn antreprenè ki soti toupatou nan Distri a te tande istwa lidè biznis nan kominote a pou enspire yo. Yo te resevwa enfòmasyon pratik sou sa ki enpòtan pou reyisi nan biznis. Se yon inisyativ an patenarya ak Junior Achievement of the Palm Beaches ak Treasure Coast.
Sèjan Colin Eichenmuller nan Ame Ameriken ap sèvi andeyò peyi a depi mwa janvye. Klike la a pou w gade kijan li te reyini ak pitit li nan Lekòl Mwayen Western Pines ak nan Lekòl Elemantè Pierce Hammock nan Loxahatchee. Mèsi pou sèvis ou Sèjan Eichenmuller!
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.