Madi 11 Me 2021
Lekòl Elemantè Palm Springs Ap Selebre Mwa Eritaj Ayisyen
Se mwa Me: Mwa Eritaj Ayisyen. Miray kafeterya Lekòl Elemantè Palm Springs dekore ak postè ewo ayisyen yo, ak pèsonaj ayisyen ki notab. Elèv yo fè yon anons chak maten sou yon reyalite istorik peyi Ayiti.  Klike la a pou w li plis.  
Ede Paran yo Prepare pou Kindègatenn
Lekòl yo ap chache plizyè mwayen pou ede timoun ki pral rantre nan kindègatenn akomode yo pou ane lekòl ki pral vini an. Gade yon inisyativ enteresan ki òganize nan Lekòl Elemantè Timber Trace.

Remèsye Polis Lekòl Pandan Semèn Sa a
Pandan Semèn Nasyonal Polis la, nou onore tout sa yo ki pèdi lavi yo pandan yo nan travay ap pwoteje ak sèvi epi nou konplimante sa ki ap travay kounye a. Depatman Polis Distri a mete li byen estanda wo nan travay polis li yo anba lidèchip Chèf D. Alexander. Gade videyo a.
Elèv Resevwa Kado pou Konsèvasyon Plastik
Chak elèv ak anplwaye nan Lekòl Elemantè Dr. Mary McLeod Bethune kounye a genyen yon boutèy pou bwè dlo ki reitilizab. Se yon kado Suncoast National Honors Society ak Loggerhead Marinelife Center. Gade kijan inisyativ sa a ap ede konsève plastik.

Medya Sosyal Kreyòl Distri a Bezwen Nou Suiv Yo
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.