Madi 29 Septanm 2020
Mete Mas Toujou Obligatwa
Elèv ak anplwaye yo toujou dwe kontinye pote mas pandan yo bis distri a ak nan lokal distri a jiska nouvèl òd. Distri a kontinye ap swiv rekòmandasyon pote mas CDC a ak lòt ajans sante yo. Pwotokòl ki dekri obligasyon pou pote mas la nan règleman Covid-19 Distri a pou elèv ak anplwaye yo.
Prepare w pou Kolèj! Aplike pou Èd Finansyè
Aplikasyon gratis pou èd finansye federal pou elèv (FAFSA) ap ouvri jedi premye oktòb. Fanmi yo gen dwa aplike menmsi elèv la poko aksepte nan yon kolèj.

Sa w Dwe Konnen ak Doktè Fennoy 
Sipèentandan Doktè Fennoy ap bay kominote a mizajou chak vandredi nan Bilten 5 Atik pou Vandredi. W ap jwenn li nan imel ou chak vandredi.

Sipèentandan Fennoy Finalis Pou Prim Prestijye Green-Garner 
Doktè Donald E. Fennoy II se yon finalis pou prim prestijye Green-Garner Council of the Great City Schools prezante. Yo jije kandida pou prim sa a sou konpetans yo nan senk domèn kle: lidèchip, reyisit, konfyans piblik, pwofesyonalis, ak patisipasyon.

Jounen Anbochaj pou Chofè Bis 
Depatman Transpòtasyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap òganize jounen anbochaj pou chofè bis jedi premye oktòb soti 9:00 nan maten pou rive 2:00 nan apremidi nan lokal ki nan 3376 Summit Blvd nan West Palm Beach. 
Sonje Pran Vaksen Kont Grip
Otorite sante yo ankouraje tout moun pwoteje tèt yo kont viris grip la. Pandan vaksen kont grip pa disponib nan lekòl yo, li enpòtan pou paran ak anplwaye Distri yo okouran kijan yo kapab jwenn vaksen kont grip pou timoun ak granmoun nan pri ki ba oswa gratis. Genyen plizyè kote ki bay vaksen sa yo. (Klike la a pou w li plis)
Sonje demen 30 septanm se dat limit pou w ranpli resansman an.