Vandredi 2 Septanm 2022
Sipèentandan Burke Ap Mete Men Li Nan Pat La

Sipèentandan Burke rejwenn Madam Britt Feingold, gayan FAEA 2022 Florida’s Outstanding Art Education of the Year, pwofesè klas atizay 2D nan Lekòl Segondè Lake Worth. Seri "Sipèentandan Burke Ap Mete Men Li Nan Pat La" ede Sipèentandan an gen yon pi bon konpreyansyon sou wòl kle anplwaye yo epi fè eksperyans pratik.
Enfòmasyon Pou Paran ak Nadilia Charles
Patenarya Pou Teknoloji
Palm Beach State College ap elaji patenarya li ak PBCSD pou prepare elèv yo pou karyè teknolojik, gras a yon pwojè Collaborative Cyber ​​Pathway plis pase $1 milyon ki soti nan Depatman Edikasyon Florid. Sibvansyon an pral pèmèt Disri a amelyore ansèyman teknoloji ak resous nan lekòl segondè lokal yo.
"Remèsye Yon Pwofesè" Retounen Pou Ane Lekòl 2022-2023 a
Premye onore nou pou ane a ap edike pwochen jenerasyon doktè, enfimyè, ak pwofesyonèl swen sante yo.
Felisitasyon pou Doktè Deborah Fuchs, Pwofesè Biyoloji nan Lekòl Segondè Royal Palm Beach, ki resevwa sètifika ak yon chèk $150.

Lekòl Mwayen Endepandans Fè Gwo Reyalizasyon
Lekòl Mwayen Independence se premye lekòl nan rejyon nò Palm Beach la ki apwouve pa Cambridge Assessment International Education pou l ofri kourikoulòm Cambridge Pathway ki pi enpòtan nan mond lan. Lekòl la kapab ofri kourikoulòm entènasyonal pou elèv yo kontinye nan nivo segondè.
Wòkèt Artemis 1 NASA Enspire Etidyan Nan Pwogram Eyewospasyal
Lekòl Segondè Boynton Beach

Lekòl Segondè Boynton Beach gen sèl Akademi Syans Espas nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Pwogram sa a bay elèv yo opòtinite pou yo jwenn kredi kolèj nan domèn aviyasyon. Kourikoulòm nan se yon patenarya ant distri a ak Embry-Riddle Aeronautical University, ki ofri klas nan domèn aviyasyon, syans espas, antretyen avyon ak sistèm telegide (dwonn).

Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.