Distri Lekòl Rejyon Palm Beach kontan akeyi elèv yo nan yon nouvo ane lekòl. Nou espere ou te pase yon bon premye semèn! Pou jwenn plis enfòmasyon sou lekòl pitit ou a, transpòtasyon, pwogram apre lekòl, fòm atletik, kalandriye lekòl, ak plis ankò,
SONJE: Li obligatwa pou bay dosye egzamen doktè ak prèv pitit ou pran vaken nan lekòl la. Se yon obligasyon depatman Sante Eta Florid fè tout lekòl yo pou tout elèv.
SONJE pou w enskri pitit ou pou pran bis pou transpòtasyon pou ane lekòl 2022-2023 a. Enskri nan pòtal ‘Register Your Ride’ pou asire timoun nan jwenn yon bis.
Jedi 4 out 2022 a Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la lanse NOUVO EMISYON RADYO KREYÒL li pou pote enfòmasyon bay kominote ayisyen an.KONEKSYON EDIKASYON se ap vwa kreyòl distri a sou ond radyo. Li ap pase sou 980 AM Radio Haïti Amérique Internationale chak jedi soti 5:30 pou 6:00 p.m. Klike la a pou li plis.
Premye Pwogram Bileng Kreyòl Ayisyen / Anglè
Madi Premye Out 2022, jou reouvèti lekòl, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ouvri Premye Pwogram Bileng Kreyòl Ayisyen/Anglè nan Lekòl Elemantè Rolling Green nan Boynton Beach, Florid.Gade videyo a.
Travay Pou Elèv Nan Biwo Vòt Yo
Elèv kapab jwenn travay pou fè kòb kòm anplwaye nan biwo vòt yo pou eleksyon ki ap vini an. Lekòl yo tou kapab adopte yon biwo vòt pou fè lajan pou klib ak ekip espòtif yo. Pou plis enfòmasyon vizite votepalmbeach.gov.
Chèf Polis Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, Mooney, pale ak WPBF Channel 25 pou bay detay sou nouvo mezi sekirite nan tout lekòl nou yo, tankou aplikasyon yon nouvo sistèm alèt ijans ak badj anplwaye yo ki genyen yon bouton panik.