2 Fevriye 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

(Soti agoch): Syrenthia Boldin, Connie Sterling, Dr. Tameka Robinson, LaWanna S. Jackson.

 

Selebre Ekselans: 5yèm Pri Anyèl

Selebrasyon Anplwaye Eksepsyonèl yo

 

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, ansanm ak Fondasyon Edikasyon an, onore Direktè, Asistan Direktè, Pwofesè, ak Anplwaye Sipò Lekòl pou Ane 2026-2027 la pandan aktivite remiz prim pou ane a.

 

Felisitasyon pou gayan ane sa a:

 

Direktris Lekòl pou Ane a – Dr. Tameka Robinson, Lekòl Segondè Santaluces

Asistan Direktè pou Ane a – Syrenthia Boldin, Lekòl Elemantè Pahokee

Pwofesè pou Ane a – LaWanna S. Jackson, Lekòl Elemantè Galaxy E3

Anplwaye Sipò Lekòl pou Ane a – Connie Sterling, Lekòl Elemantè Equestrian Trails


Gade yon rezime seremoni an. - Li detay sou gayan yo.


Preparasyon Taks Rapid, Gratis, Epi An Sekirite

United Way nan Rejyon Palm Beach pèmèt moun ki kalifye fè deklarasyon taks yo GRATIS, yon fason konfidansyèl, ak ansekirite epi elektwonikman. 

 

Pou w kalifye, revni kontribyab la dwe $78.000 oswa mwens pou ane 2025 la.

 

Kontribyab yo kapab kalifye pou jiska $8.046 Rediksyon Taks sou Revni Travay.

 

Aprann plis sou inisyativ la.

Cynthia Norris Se Nouvo Gayan

Inisyativ Pwofesè Pou Semèn Nan

Cynthia Norris se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Mwayen Emerald Cove. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li. 

 

Klike la a pou gade videyo a.

Sant Medyatèk Nan Lekòl Mwayen Carver

Gen Yon Lòt Aparans

Distri a fyè pou l prezante yon Sant Medyatèk konplètman renove, yon espas dedye pou bay elèv yo yon anviwònman modèn ak enspiran pou yo aprann, kreye, epi grandi.

 

Transfòmasyon sa a te vin posib gras ak patenarya enkwayab ak College Football Playoff Foundation, Orange Bowl Committee, ak lòt sipòtè jenere.

 

Jete yon koudèy sou nouvo Sant Medyatèk nan Lekòl Mwayen Carver a.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl:

Roberta Walker – Depatman Polis Distri A

"Madan Walker toujou byen akeyi tout vizitè ki vini nan Lekòl Mwayen Omni. Tout moun rekonèt li pou fason agreyab li resevwa epi trete tout moun ak yon jantiyès ki sensè.

 

Konpòtman chalere li se yon gwo konfò pou tout kominote lekòl la."

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou sèvis kliyantèl.

Prezantasyon Espesyal Lekòl: Lekòl Elemantè Glade View

Nou ankouraje chak elèv aprann, devlope lidèchip, epi devlope potansyèl yo. Lekòl la fyè dèske li kreye yon anviwònman ki bay opòtinite, pwomote kreyativite, ak yon fondasyon akademik solid.

 

Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Glade View.

 

• Klas: K-5

• Maskòt: Èg

• Koulè: Vèt ak lò

 

1100 S.W. Ave. G,

Belle Glade, FL 33430

561-993-8800