30 Oktòb 2023
Peryòd Aplikasyon Pou Pwogram Chwa Pou Ane Lekòl
2024-2025 La Ap Ouvri Premye Novanm
 
Akademi Otomobil sa a ape de elèv yo jwenn siksè apre gradyasyon. Akademi Teknoloji Sèvis Oto nan Lekòl Segondè Park Vista genyen 18 laboratwa oto ak laboratwa òdinatè pou prepare elèv pou endistri otomobil la. Elèv yo jwenn tou plizyè sètifikasyon endistriyèl nivo debitan.
 
Peryòd aplikasyon pou ane lekòl 2024-2025 la ap ouvri Mèkredi 1ye novanm nan mypbchoiceapp.com.
 
“ENFÒME W” Ap Resevwa Kòm Envite Margueline Rimpel Ki Ap Bay Enfòmasyon Pou Paran Elèv Lekòl Segondè
Timoun Sa Yo Ekstraòdinè
Elèv, anplwaye, ak fanmi ki soti toupatou nan Distri a te reyini nan inisyativ DownRight ExtraOrdinary Walk 2023 ki te òganize nan John Prince Park nan Lake Worth wikenn pase a. Te gen mayo ki matche, bandwòl kolore, ak anpil debòdman kè kontan pandan ekip yo t ap selebre kanmarad yo ki genyen Down Syndrome nan ranmase lajan pou òganizasyon charitab lokal la, Gold Coast Down Syndrome Organization.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Semèn Nan
Tierra Butler se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Roosevelt. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.

Elèv Lekòl Segondè Distri Yo Ap Pwouve
Syèl La Pa Yon Limit
Nou tout sonje jan li te enteresan lè nou te fèk pran lisans pou kondui machin. Se te yon moman memorab pou finalman rive ap kondui. Nathalia Filgueiras, yon elèv klas tèminal nan Lekòl Segondè West Boca, pa t sèlman konsantre sou pran lisans kondui li, men li te rive pran Lisans Pilòt Prive l nan Akademi Aviyasyon lekòl la, youn nan pwogram Ochwa distri a. Nan pwogram sa a, anplis travay nan klas, elèv yo jwenn eksperyans pratik ak fòmasyon nan sèvi ak similatè ansanm ak dwonn. 

Aprantisay, Souvni, Ak Onore Sivivan Pandan Semèn Edikasyon Olokòs
Distri a ap obsève Lendi 6 Novanm jiska Vandredi 10 Novanm 2023, kòm Semèn Edikasyon Olokòs, pou rekonèt valè ak enpòtans pou anseye verite sou istwa. Sa a an akò tou ak Lwa Florid 1213, ki egzije pou lekòl yo bay ansèyman sou antisemitis, ak Lwa Florid 1003.42(g) ki egzije edikasyon Olokòs nan klas K-12.
Kijan Elèv Distri Yo Ap Prepare Pou Karyè Nan Jistis Kriminèl
Depatman Polis Delray Beach ap ogmante kantite ajan polis li yo apati yon patenarya ak Akademi Jistis Kriminèl nan Lekòl Segondè Atlantic. Pwogram Chwa sa a prepare elèv yo pou yon karyè nan polis epi bay elèv yo fòmasyon pratik ak eksperyans. Plis pase de douzèn elèv Distri yo te rantre nan depatman an pandan ane pase yo, gras ak pwogram sa a.