Vandredi 17 Septanm 2021
Sipèentandan Mike Burke ap fè nou konnen aktivite ak inisyativ ki te genyen nan distri a pandan semèn nan. Klike la a pou w li tèks mesaj la. Klike la a pou w wè mesaj videyo a an anglè.
Gade Cho Televizyon Nou "Enfòme W" Pou Semèn Sa a!

"Enfòme w" se vèsyon videyo bilten enfòmasyon nou chak semèn.
Nan emisyon sa a n ap pale osijè: Program Edikasyon pou Adilt - Sipèvizyon Timoun - Djòb - Vaksen ak Tès COVID-19
Ou Bezwen Estabilite ak Fleksibilite Nan Yon Travay Nan Klas Oswa Kafeterya?

Ou bezwen pa travay nan wikenn ak jou fèt yo pandan w ap fè yon diferans ak kontribisyon w nan yon djòb? Distri Lekòl Rejyon Palm Beach genyen pozisyon ki ouvri nan kafeterya ak kòm pwofesè sipleyan. Klike la a pou w tande pwofesè sipleyan yo ki ap di poukisa yo te vin travay nan distri a.
Gayan "Remèsye Yon Pwofesè" Ap viv Rèv Ameriken an

Antanke yon jenn gason nan Amerik Santral, Jose Cardona aprann Anglè nan egzèsis tradui alamen sou papye tout liv Harry Potter a. Kounye a li se yon pwofesè nan pwogram bileng nan Lekòl Elemantè C.O. Taylor/Kirklane nan Palm Springs. Li se gayan Remèsye Yon Pwofesè" pou semèn nan.
Jwè Bezbòl Pwofesyonèl Sipòte Elèv Nan Lekòl Elemantè Jupiter
Fondasyon Miami Marlins, an patenarya ak Klib Kiwanis nan Little Havana, bay 150 valiz lekòl plen ak founiti klasik pou elèv nan senkyèm ane nan Lekòl Elemantè Jupiter.
Elèv Nan Fanfa Senbal Byen Abiye Pou Pèfòme Pou Kominote a
Elèv nan fanfa Lekòl Elemantè Rosenwald nan Rejyon Glades la kounye a santi yo yon ekip tout bon, gras ak inifòm U.S. Sugar ak Biwo Cherif Rejyon Palm Beach fè yo kado.

Elèv nan klib "Latinos in Action" nan Lekòl Segondè Forest Hill ap montre kijan y ap onore epi selebre Mwa Eritaj Panyòl ki ap dire jiska 15 oktòb. Klike la a pou w gade.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.