9 Desanm 2024

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Sipèentandan Burke Ap Mete Men Nan Pat La Ak Fanfa

 

Nan nouvo epizòd sa a Sipèentandan Burke ap fè eksperyans ak Fanfa

Lekòl Segondè Palm Beach Lakes.

 

Plis pase 100 manm fanfa a travay ansanm ak sipèentandan an pou pwodui

yon pèfòmans ekstraòdinè.

 

Klike la a pou w gade videyo a.

Aktyèlman Nou Nan Peryòd Aplikasyon Pou Pwogram Chwa 2024-2025   

Lekòl Elemantè Citrus Cove nan Boynton Beach gen yon Pwogram Chwa STEAM (Syans, Teknoloji, Jeni, Atizay, ak Matematik) ki pèmèt elèv yo jwenn eksperyans pratik nan aktivite ki konsantre sou karyè pou prepare yo pou lavni.

 

Antre nan youn nan plis pase 330 pwogram ki disponib nan tout distri a. Peryòd aplikasyon pou Pwogram Chwa pou ane lekòl 2024-2025 la ap fèmen 31 janvye 2025.

 

Klike la a pou w gade videyo a.

Lion Country Safari Fè Patnèchip Pou Pwogram STEM  

Pandan plis pase dis ane, Distri a ak Lion Country Safari te mete tèt ansanm pou yon aktivite ki pèmèt elèv yo eksplore kreyativite yo ak travay an ekip pou konfeksyone kado pou chenpanze yo. Se yon gwo patenarya ki sipòte kourikoulòm STEM epi kreye kè kontan pou tout moun ki enplike yo.

 

Klike la a pou w gade yon rezime aktivite espesyal a.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Karen Arnold se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Crosspointe. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.


Klike la a pou nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a.

Selebrasyon Semèn Edikasyon Syans Enfòmatik 

Pou selebre Semèn Edikasyon Syans Enfòmatik, lekòl nan distri yo ap patisipe nan "Èdtan Pou Pwograme". Se yon efò mondyal anyèl ki fèt pou entwodui elèv nan syans enfòmatik.

 

Fanmi yo kapab patisipe pandan yo lakay yo. Aktivite yo pa mande okenn eksperyans epi yo kapab fèt sou platfòm tankou tablèt, oswa telefòn entelijan, san yon konpitè pa nesesè. Aktivite nan domèn enfòmatik bay ladrès pou rezoud pwoblèm, fè rezònman lojik, ak devlope kreyativite.

 

Klike la a pou patisipe!

An n Rantre Nan Anbyans Sezon Fèt La Ak Chante Sezon An 

Chak sezon fèt, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la montre konpetans elèv ki se mizisyen ak chantè ki gen plizyè talan yo. Distri a gen anpil fyète nan pwogram Atizay li yo epi li ap trè byento devwale â€˜Chanson Sezon Yo’, yon konpilasyon mizik ak pèfòmans elèv.

 

Klike la a pou w gade pèfòmans yo sou chanèl YouTube Distri a.