23 Oktòb 2023
Dekouvri Pasyon W Epi Prepare W Pou Avni W Gras Ak Pwogram Chwa Ak Karyè Distri Yo

27yèm Ekspozisyon Lekòl yo te akeyi plis pase 12,000 vizitè nan South Florida Fairgrounds Expo Center Madi 17 oktòb 2023. Aktivite anyèl sa a se yon opòtinite pou elèv aktyèl yo, elèv potansyèl yo, ak paran yo rankontre ak reprezantan tout 182 lekòl yo epi pran enfòmasyon sou plis pase 330 pwogram Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ofri yo.

Dat limit aplikasyon Pwogram Chwa pou ane lekòl 2024-2025 la:
1ye novanm 2023 - Peryòd aplikasyon pou pwogram chwa a ouvri sou Entènèt.
8 desanm 2023 - Dat limit pou aplike pou Lekòl Chwa ki mande yon odisyon.
24 janvye 2023 - Dat limit pou aplike pou tout lòt Pwogram Chwa yo.

Pou aprann plis sou Pwogram Chwa ak Karyè Distri a, vizite mypbchoiceapp.com.

Enspire Pwochen Jenerasyon Konsèvasyonis La
Shanna Lillis se yon Pwofesè syans 8yèm ane nan The Conservatory School @ North Palm Beach epi yon aktivis pou jèn nan konsèvasyon. Madam Lillis te prezante nan yon atik Everglades Foundation pou travay eksepsyonèl li nan bay elèv yo opòtinite pou fè eksperyans andeyò klas yo nan syans anviwònman. Li pataje kijan eksperyans pratik sa a ap pèmèt elèv yo vin ajan chanjman anviwònman an.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Semèn Nan
Susan Wood se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Limestone Creek. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.

Distri A Resevwa Yon Sibvansyon Remakab Pou Benefisye Klima Lekòl
Distri a resevwa yon sibvansyon STOP Vyolans $1 milyon nan men Biwo Asistans Jistis Depatman Jistis Etazini. “Lè timoun yo dekonekte epi ap fè fas ak difikilte, nou pa dwe tann jiskaske yo rive nan komèt vyolans, pa vre? Responsablite nou ak misyon nou nan Distri a se pou nou vin yon resous fyab pou bay elèv sipò epi pou entèvni anvan yo rive nan yon pwen dezespwa. Sibvansyon sa a se pou bay bon jan resous pou fè chak elèv santi yo ansekirite ak jwenn sipò kèlkeswa sikonstans yo,” Keith Oswald, Chèf Ekite ak Byennèt Distrik di.'

Plis Pase $190,000 Pou Finansman Klas
Prèske 100 pwofesè distri a resevwa sibvansyon pou klas yo nan inisyativ GoTeach la gras ak jenewozite Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach ak patenarya ak biznis nan kominote a, gwoup filantwòp yo, ak lòt òganizasyon. Y ap jwenn yon total $191,507 finansman pou 82 sibvansyon nan 61 lekòl.