Madi 31 Mas 2020
Lekòl fèmen jiska nouvèl òd
Sipèentandan Donald Fennoy deside fèmen lekòl nan distri a jiska nouvèl òd dapre rekòmandasyon Depatman Edikasyon Eta Florid. Distri a ap reouvri pou elèv lè dirijan depatman sante yo deside li pa yon danje pou moun reyini angwoup.
Aprantisay Adistans ap kontinye .
Sipèentandan an ankouraje Aprantisay Adistans la
Sipèentandan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, Doktè Donald Fennoy, ankouraje nou patisipe nan Aprantisay Adistans la. Se mwayen pandan timoun yo rete lakay yo pou yo kontinye a aprann. Aktyèlman lekòl fèmen jiska nouvèl òd timoun yo ap kontinye resevwa enstriksyon lakay yo. 
Resous pou Aprantisay Adistans
Objektif nou pou semèn sa a se pou fè tout elèv konekte: Men sa ou genyen pou fè.
Si w gen plis kesyon? Klike la a
Gade leson ki anrejistre sou televizyon
Rezo Edikasyon an (TEN) anrejistre leson sou Comcast kanal 234, AT&T U-verse kanal 99, ak kanal 12.2 (CBS 12's subchannel).


Distribisyon Manje pandan lekòl fèmen

Apati 30 mas, 35 lokal nan Rejyon Palm Beach la pral distribiye manje maten, manje midi, ak yon ti goute pou tout timoun. Bwat manje ki soti nan Feeding South Florida ap disponib tou nan dat espesifik pou chak kote yo.
Aprantisay Adistans la kòmanse jodi a 31 mas 2020
Nou espere premye jou Aprantisay Adistans la byen pase. Si w bezwen èd vizite:
JWENN KONEKSYON WIFI GRATIS GRAS AK XFINITY
Comcast ouvri rezo Xfinity li a nan tout peyi a GRATIS pou de mwa akoz kriz Coronavirs la. Sa ap ede elèv ki pa gen Wifi lakay yo jwenn koneksyon pou enstriksyon sou entènèt.

W ap jwenn plis enfòmasyon sou: internetessentials.com .
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766