Vandredi 21 Avril 2023

Edisyon Jou Latè
 
Nan "Edisyon Jou Latè" espesyal sa a, Sipèentandan Mike Burke akonpaye klas Madam Eck nan Lekòl Segondè Conniston nan yon pwomnad enspiran pou ale vizite Depatman Jesyon Resous Anviwònman Rejyon Palm Beach la ki gen pou misyon pwoteje, prezève, ak amelyore resous natirèl rejyon an.
 
Bito David nan emisyon “ENFÒME W” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap resevwa kòm envite Moise Derosier osijè Mwa Eritaj Ayisyen ki pral selebre
pandan mwa Me a.

Kisa Mwa Eritaj Ayisyen Selebre?
Ki istorik selebrasyon sa a ?
Kijan Mwa Eritaj Ayisyen selebre? 

Elèv Yo Te Fè Eksperyans Nan Mond Reyèl La Pandan Jounen Pou Mennen Pitit Fi Ak Pitit Gason W Travay Ak Ou

Jedi 20 avril, elèv yo te gen opòtinite pou yo ale travay ak paran oswa responsab yo pou fè eksperyans yon jou travay nan diferan karyè. Anplwaye distri yo te mennen pitit yo travay ak yo epi yo te pran anpil plezi vizite plizyè depatman ak Sipèentandan Burke ansanm ak lòt anplwaye distri a.

Remèsye Yon Pwofesè

Tieya Kingdom se pwofesè ki genyen pri 'Remèsye Yon Pwofesè Pou Semèn Nan'. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Lincoln. Inisyativ sa a rekonèt chak semèn yon pwofesè ke elèv, paran, ak estaf anplwaye nonmen pou devouman li, pwofesyonalis li, ak jan li genyen enpak pozitif sou elèv. Paran, sonje vote pou pwofesè ou konsidere ki merite rekonesans sa a.

Prezantasyon Istwa Ayiti Pou Elèv Klas Katriyèm Nan Lekòl Elemantè KEC/Canal Point

Elèv nan klas katriyèm nan Lekòl Elemantè KEC/Canal Point te genyen opòtinite resevwa otè ayisyen Francie Latour ki te vini bay yon prezantasyon sou istwa peyi Ayiti. Inisyativ sa a byen tonbe pou anonse selebrasyon Mwa Me kòm Mwa Eritaj Ayisyen ki selebre istwa, kilti, ak kontribisyon Ayiti ak pèp ayisyen nan mond la.
Konsèy Minisipal Vil Boynton Beach Bay Lekòl Boynton Yon Don Jenere
 
Pandan reyinyon 19 avril la, Distri a te rekonèt fòmèlman Konsèy Minisipal Vil Boynton Beach, ki te apwouve yon don $848.500 bay Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Don sa a pral distribiye pami nèf lekòl ki nan limit vil Boynton Beach la. Sibvansyon an pral bay resous ak opòtinite inovatè pou ede diminye eka nan reyisit akademik elèv epi amelyore nòt lekòl yo. Klike la a pou w li plis.
Pri Anyèl Espesyalis Medya/Bibliyotèk Distri Lekòl Rejyon Palm Beach Pou Ane 2023

Felisitasyon pou Caroline Epstein ki soti nan Lekòl Elemantè Binks Forest ki te onore kòm Espesyalis Medya/Bibliyotèk Distri Lekòl Rejyon Palm Beach pou ane 2023 a. 
"Caroline Epstein montre kisa yon vrè edikatè ye," se sa Direktris Michella Levy di nan fòm nominasyon li. “Li non sèlman anseye lespri a, men li touche kè a tou. Kapasite Madam Epstein pou travay ak elèv yo se yon talan ki merite rekonèt. Li asire li byen pou konnen non tout moun ak ki liv ki enterese yo. Li fè koneksyon espesyal sa yo epi li bati relasyon konfyans ak chak elèv ak fanmi yo. Li toujou fè efò pou envite lektè ki gen difikilte nan medyatèk la pou ede yo chwazi liv ki kòrèk pou yo.” 

Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.
Koneksyon Edikasyon Se Vwa Kreyòl Distri A Sou Radyo

Sonje Distri Lekòl Rejyon Palm Beach prezante KONEKSYON EDIKASYON. Koneksyon Edikasyon se vwa Kreyòl Distri a pou pote enfòmasyon pou paran ayisyen ak tout kominote a sou sa k ap pase nan lekòl yo ak nan distri a. Tout sa w bezwen konnen sou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach pou w pi byen patisipe nan edikasyon pitit ou
w ap tande l sou frekans
980 AM Radio Haiti Amérique Internationale jedi a 5:30 nan apremidi.