Madi 28 Janvye 2020
Distri a Ap Anplwaye Chofè Bis

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap òganize jounen anbochaj pou chofè bis jedi 30 janvye soti 9:00 nan maten pou rive 2:00 nan apremidi nan lokal ki nan 3376 Summit Blvd nan West Palm Beach. Vin patisipe pou w kapab travay pou distri a.  
N ap Selebre Semèn Alfabetizasyon

Sipèentandan Fennoy bay ekzanp kijan Distri a mete ansanm ak eta Florid la pou selebre semèn alfabetizasyon pandan semèn sa a.
 
Fondasyon pou lekti kòmanse depi yon timoun fèt...
Remèsye yon Pwofesè

Carolyn Destito se pwofesè nan Beacon Cove Intermediate. Li aprann elèv yo chante, jwen enstriman, danse. Pasyon sa a nan tout fanmi an paske mari l se direktè fanfa nan Lekòl Mwayen Jupiter.
Li jwenn nominasyon nan men anpil nan elèv li yo ke l ap anseye ak pasyon.
KONPLIMAN!
Men Teknik pou Ede Timoun yo Li

Genyen plizyè teknik ap pratik paran kapab fè pou ede timoun yo devlope yon pasyon pou lekti. Lekti se baz tout aprantisay.

Klike la pou gade videyo ak tradiksyon kreyòl sou enpòtans ak teknik pou fè lekti.
Ekipman Bisiklèt GRATIS nan Fwa Kominotè sou Sekirite

Al pran GRATIS , kas, gan, wè demonstrasyon machin, aprann ti konsèy sekirite ak plis ankò nan fwa ki ap fèt:
Samdi premye fevriye
Prepare Taks ou Gratis

Si revni fanmi w pa depase $66.000 pou ane 2019 la, ou kapab jwenn asistans gratis pou prepare taks ou nan youn nan lokal ki genyen volontè pou pwogram VITA ki ede moun ranpli taks yo. VITA se yon pwogram United Way Rejyon Palm Beach Patwone. Genyen plizyè lokal kote ou kapab jwenn sèvis VITA a. VITA ofri twa opsyon diferans pou preparasyon taks ou. Ou kapab fè oumenm sou entènèt oswa jwenn asistans yon volontè ki sètifye nan youn nan lokal ki genyen nan rejyon an.
Opsyon pou Vaksen Kont Grip

Malerezman, Healthy Schools, LLC, ki bay vaksen kont grip pou elèv ki nan lekòl nou yo, sispann pwogram vaksen kont grip la pou ane lekòl sa a. Li enpòtan pou paran yo okouran de lòt opsyon kote vaksen kont grip la disponib pou timoun a ba pri oswa gratis. (Klike la a pou w li plis)
Aplodi Yon Elèv
STANLEY VANDREDI

Mèt Risisky aplodi Stanley Vendredi.

"Stanley Vendredi travay di pandan dezyèm trimès la pou amelyore nòt li. Li toujou genyen yon atitid pozitif epi mande èd lè li bezwen.

Stanley Vendredi se yon elèv klas 11yèm nan Lekòl Segondè Glades Central."

  KONPLIMAN!

NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766