Vandredi 10 Mas 2023
Kijan Pitit Ou Kapab Jwenn Eksperyans Travay Pwofesyonèl Epi Fè Lajan Ak Distri A Pandan Ete Sa A
 
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la kontan pou l ofri plizyè estaj peye pou elèv nan divès depatman Distri a pandan ete 2023. Estaj nou yo bay elèv ki genyen 16 an oswa plis, ak sa ki gradye ki fèk rantre nan kolèj ak inivèsite opòtinite pou yo fè eksperyans travay nan plizyè domèn pandan y ap touche yon ti lajan.
 
Peryòd aplikasyon an ouvri lendi 6 mas epi l ap fèmen 31 mas 2023. Distri a ap resevwa aplikasyon yo, evalye yo, epi bay kandida ki kalifye yo entèvyou ant 17 avril ak 5 me. Y ap voye repons bay sa ki jwenn estaj yo avan 17 me 2023. 
 
Estaj la dire 6 semèn soti 12 jen pou 27 jiyè 2023 ak semèn 4 jiyè kòm konje. 
 
Estajyè ki baze nan lekòl yo ap travay soti 5 jen pou 17 jiyè. Y ap travay semèn 4 jiyè a.
 
Bito David nan emisyon “ENFÒME W” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap resevwa kòm envite Margueline Rimpel ki ap pale osijè sa paran dwe konnen pou rès ane akademik pitit yo kote l ap kouvri sijè tankou:
  • Preparasyon pou gradyasyon
  • Kontak ak Konseye Adademik
Lekòl Segondè Dwyer Ranpòte Katriyèm Chanpyona Eta A!
 
Ekip baskètbòl maskilen Lekòl Segondè William T. Dwyer genyen katriyèm chanpyona eta Florid la. Dwyer bat Ponte Vedra nan klas 6A chanpyona eta a 4 mas nan Lakeland ak yon rezilta 51-40. Ekip la fini sezon an 29-1. Dwyer te domine pandan tout jwèt la, li te genyen 11 pwen avantaj nan dezyèm mitan an. Ekip Ponta Vedra a te remonte a sis pwen defisi men li pat rive egalize pou anpeche Dwyer chanpyon.
 
Remèsye Yon Pwofesè

Tammy Mose-Cooper, se pwofesè ki genyen pri 'Remèsye Yon Pwofesè Pou Semèn Nan'. Li se yon pwofesè nan Lekòl Segondè Atlantic. Inisyativ sa a rekonèt chak semèn yon pwofesè ke elèv, paran, ak estaf anplwaye nonmen pou devouman yo, pwofesyonalis yo, ak jan yo genyen enpak pozitif sou elèv. Klike la a pou gade videyo a.
Mennen Pitit Fi W Ak
Pitit Gason W Travay Ak Ou Jedi 20 Avril
 
Distri a ap obsève Jounen Pou Mennen Pitit Fi W Ak Pitit Gason W Travay Ak Ou Jedi 20 Avril 2023, epi pèmèt elèv K-12 akonpaye yon paran oswa yon responsab nan espas travay yo ki pa nan Distri a. Akòz yon konfli ak tès Eta a, sa a se yon dat diferan ak Jounen Nasyonal la ki se 27 avril.
Koneksyon Edikasyon Se Vwa Kreyòl Distri A Sou Radyo

Sonje Distri Lekòl Rejyon Palm Beach prezante KONEKSYON EDIKASYON. Koneksyon Edikasyon se vwa Kreyòl Distri a pou pote enfòmasyon pou paran ayisyen ak tout kominote a sou sa k ap pase nan lekòl yo ak nan distri a. Tout sa w bezwen konnen sou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach pou w pi byen patisipe nan edikasyon pitit ou
w ap tande l sou frekans
980 AM Radio Haiti Amérique Internationale jedi a 5:30 nan apremidi.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.