Madi 16 Jen 2020
PARAN! SONDAJ POU REOUVÈTI LEKÒL la ap Fini Demen Mèkredi 17 jen a Minui.
Sonje patisipe nan sondaj la. Opinyon w antanke paran enpòtan anpil nan pwosesis sa a paske plan yo dwe pran ankonsiderasyon bezwen elèv nou yo ak fanmi yo (Klike la a pou patisipe)
Ap Genyen Yon Prezantasyon sou Lang ak Kilti Ayisyen nan Konferans Vityèl Etid Afriken, Afriken Ameriken ak Karayibeyen demen 17 jen
Mèkredi 17 Jen nan konferans anyèl Etid Afriken, Afriken Ameriken ak Karayibeyen ki ap pale ane sa a de Entegrasyon Etik Afriken, Afriken Ameriken ak Kararibeyen. Ap genyen yon prezantasyon sou Lang ak Kilti Ayisyen. (Klike la a pou w enskri)
Aktivite Amizan pou Aprann Pandan Vakans Ete a
Pwogram Aktivite Amizan pandan Ete a gen tout bagay ladan l paran elèv lekòl elemantè bezwen pou yo fè. Gen sijesyon pou lekti, ak aktivite pou elèv ki ap rantre nan klas kindègatenn pou rive senkyèm.
Plis Pase 3 Milyon Repa Distribiye Nan Pwogram Bay Manje a
Distri a kontinye distribiye manje. Distribisyon yo ap fèt nan 52 lokal lekòl nou yo. Genyen lòt ajans kominote tou ki ap bay manje pou fanmi yo.
Paran yo pa bezwen ale ak timoun yo pou pran manje. Men yo dwe idantifye yo.


Pwogrè nan Pwojè Konstriksyon Lekòl Elemantè Addison Mizner
Lekòl Elemantè Addison Mizner ap demoli pou prepare konstriksyon yon nouvo lekòl K-8 ki dwe pare nan mwa out 2021.
Gade Pwogram Akademik Pandan Ete a sou Televizyon ak sou Entènèt
Sesyon aprantisay pandan vakans ete a ap kòmanse lendi 8 jen epi y ap difize yo sou Kanal Edikasyon Distri a ki se TEN sou Comcast 234 ak AT&T Uverse kanal 99. Elèv yo kapab gade yo sou sou pòtal yo sou paj entènèt distri a. Pwogram sa yo ap kenbe timoun yo okipe pandan vakans la epi y ap ede yo tou pa fè bak nan nivo konesans akademik yo.
Sonje ranpli RESANSMAN 2020 an si w poko fè sa. W ap jwenn kesyonè a sou entènèt nan: http://2020census.gov