Vandredi 21 Oktòb 2022
Sispann Entimidasyon sou Plas - Aprann Kijan pou Idantifye Entimidasyon ak Konbat li san Danje

Oktòb se Mwa Nasyonal Prevansyon Entimidasyon. Ekspè nan Depatman Sekirite Lekòl nan Distri a, Doktè Diomedis Ramos-Cruse ak Valmorria Ambroise, debat sou kijan pou idantifye siy entimidasyon ak fason pou anpeche konpòtman sa a.

Ou Wè Yon Bagay, Di Yon Bagay!
Liy Dirèk pou Rapòte Entimidasyon nan Distri a: 561-434-8200


Onè Pou Doktè Robinson
Doktè Debra L. Robinson kòmanse kòm yon paran volontè nan distri a. Li sèvi 22 ane kòm manm nan Komite Direksyon Distri a, epi li te Vis-Prezidan de fwa. Doktè Debra L. Robinson te yon defansè fewòs ekite pou TOUT elèv. Distri a remèsye l pou tout travay li pandan li ap di li orevwa. Klike la a pou w gade omaj la.

Remèsye Yon Pwofesè
Manuela Alguacil se pwofesè ki genyen pri 'Remèsye Yon Pwofesè Pou Semèn Nan'. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Equestrian Trails. Inisyativ sa a rekonèt chak semèn yon pwofesè ke elèv, paran, ak estaf anplwaye nonmen pou devouman yo, pwofesyonalis yo, ak jan yo genyen enpak pozitif sou elèv. Klike la a pou gade videyo a. 
Semèn Sekirite Bis
Bis lekòl pote chay ki pi presye ki genyen, pitit ou yo. Chofè yo ta dwe toujou vijilan epi kondwi ak prekosyon nan zòn lekòl yo. Anplis, pou selebre Semèn Nasyonal Sekirite Bis la, yo ankouraje elèv yo patisipe nan yon konkou postè. Peryòd soumisyon an soti 14 oktòb 2022 rive 1ye mas 2023. Klike la a pou w aprann plis sou konkou postè a.

Yon Nouvo Lekòl Mwayen Nan Distri a

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach pral genyen yon nouvo lekòl mwayen.

Lekòl Mwayen West Boynton se ap non lekòl sa a ki ap ouvri nan mwa out 2023 a.

Lekòl la, ki kounye an konstriksyon, sitiye sou Boynton Beach Boulevard ant Florida Turnpike ak Lyons Road, toupre Lekòl Elemantè Sunset Palms. Distri a pral travay pou trase limit pou detèmine ki elèv ki pral ale nan lekòl sa a lè li ouvri.

Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.