Madi 11 Out 2020
Mizajou Sipèentandan Fennoy sou Reouvèti Lekòl
Depatman Edikasyon egzije tout distri lekòl nan Florid ki planifye pou reouvri nan mòd Aprantisay Adistans pou soumèt plan reouvèti pou ane akademik 2020-2021 an. Mwen ta renmen mete nou ajou sou pwogrè plan reouvèti distri a. Pandan eta a ap kontinye revize plan nou an, administratè yo te mande kèk modifikasyon ke mwen dakò pral nan pi bon enterè elèv nou yo ak paran yo. (Klike la a pou li plis.)
Anplwaye Distri a Jwenn Gwo Nominasyon pou Peyi l
Ford Eloge nonmen Delege Anchèf pou Eta Florid ak Lyezon Entènasyonal pou Federasyon Dyaspora Ayisyen. Ford se yon natif natal Ayiti ki vin nan peyi Etazini nan ane 1986. Li ap travay pou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la depi 1995. Aktyèlman li se yon Tradiktè / Entèprèt nan Depatman Miltikiltirèl. (Klike la a pou w li plis)
Dat pou Ranpli Kesyonè Enpòtan pou Paran sou Reouvèti Lekòl Pwolonje Jiska 15 Out
Paran li enpòtan pou w ranpli kesyonè a si w gen difikilte antre sou entènèt la, tanpri kotakte lekòl pitit ou. (Reponn kesyonè a.)
Kijan pou w Jwenn Nimewo Idantite Elèv Pitit ou?
Paran! tanpri gade videyo sa a ki ap bay tout eksplikasyon kijan pou w jwenn nimewo idantite elèv pou pitit ou. Se nimewo sa a ki ap pèmèt ou patisipe nan kesyonè reouvèti lekòl distri a. (Klike la a pou gade videyo a)
Kijan y ap Itilize Fasilitatè Lang yo nan Aprantisay Adistans la
Wòl Fasilitatè Langaj nan lekòl yo se sèvi kòm tradiktè ak entèprèt pou asiste nan domèn lang paran ak elèv ki nan pwogram ESOL yo ki bezwen èd nan kominikasyon. Yo konn travay dirèkteman ak elèv yo, tradui kominikasyon ki ale jwenn paran epi sèvi kòm entèprèt nan reyinyon paran ak nenpòt estaf lekòl ki pa pale lang paran an. 
Jwenn Repons pou Kesyon w yo
Ou gen kesyon osijè reouvèti lekòl ak Aprantisay Adistans la, nou prepare repons.

Santim ou ap Travay nan Lekòl Segondè Palm Beach Lakes
Teren espò yo ak anpil lòt seksyon nan Lekòl Segondè Palm Beach Lakes ap repare gras ak lajan santim taks ou a.
Aplikasyon pou Manje Gratis Oswa a Pri Redui Disponib
Aplikasyon pou Manje Gratis pou Nouvo Ane Lekòl la disponib pou paran sou pòtal elèv sou paj entènèt distri a. Paran toujou kapab jwenn aplikasyon an sou paj Depatman Sèvis Manje Lekòl la sou www.palmbeachschools.org/sfs.
Sonje ranpli RESANSMAN 2020 an avan 30 septanm. W ap jwenn kesyonè a sou entènèt nan: http://2020census.gov