11 Mas 2024
Nou Swete W Yon Bon Vakans Prentan An Sekirite

Tout lekòl distri a ap fèmen lendi 18 mas rive vandredi 22 mas 2024 pou vakans prentan. Biwo distri a ap fèmen sèlman vandredi 22 mas.

Pa gen lekòl pou elèv lendi 25 mas ki se jounen devlopman pwofesyonèl ak vandredi 29 mas pou jou fèt prentan.

Enskripsyon Nan Pwogram Apre Lekòl
Pou Ane 2024-2025 Ouvri 17 Avril
Pou ane lekòl 2024-2025 k ap vini an, enskripsyon pou pwogram apre lekòl Distri a pou elèv jadendanfan rive jiska 5yèm ane kòmanse Mèkredi 17 avril 2024 a 7 p.m.


Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Semèn Nan
Michael Gallo se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Mwyen Independence. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.

Gras Ak Taks Yon Santim Nan, Distri A Selebre Inogirasyon Yon Nouvo Lekòl Primè 
Elèv, anplwaye, administratè distri yo, lidè kominotè yo, ak rezidan yo te fè yon seremoni inogirasyon pou modènizasyon Lekòl Elemantè Wynnebrook. Renovasyon konplè kanpis la pral gen ladan yon bilding klas de etaj, yon bilding kafeterya/kwizin ak yon etaj espas administratif, medya, atizay ak syans.


Direktris Elbridge Gale Resevwa Yon Prim Prestijye 
Direktris Elbridge Gale, Gail Pasterczyk, te onore kòm Direktè pou Ane a pa Florida TaxWatch, ki se yon enstitisyon gouvènmantal endepandan. Florida TaxWatch te chwazi Elbridge Gale kòm youn nan senk pi gwo lekòl primè nan eta Florid. Madam Pasterczyk te rive bay yon elèv espesyal nan lekòl li a yon bousdetid Kolèj Prepeye nan Florid pou dezan.

Selebre Chanpyon Yo
Pandan evènman Night of Champions (Sware Chanpyon),  ki te òganize nan Red Apple Supplies, Fondasyon Edikasyon nan Rejyon Palm Beach la te mete ansanm ak lidèchip Distri a pou montre pouvwa transfòmasyon sipò kominote biznis la nan sistèm edikasyon piblik la.

PWOGRAM PEYE KOLÈJ ALAVANS

Pwogram Peye Kolèj Alavans nan eta Florid se yon avantaj pou paran. Tanpri pran avantaj opòtinite sa a.
Depi 10 ane se plan ki genyen pri ki pi ba. Plis pase 1.2 milyon fanmi nan eta Florid ap benefisye opòtinite sa a.