8 Septanm 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Foto plizyè timoun nan aktivite lekòl. Labanyè FlexAcademy

Aprantisaj Ki Adapte Ak Bezwen Ou, Avèk Sipò Konplè,

Dekouvri Opsyon Lekòl A Tan Pasyèl Ak PBC FlexAcademy

 

PBC FlexAcademy se yon pwogram enskripsyon a tan pasyèl pou fanmi nan Rejyon Palm Beach ki chwazi anseye pitit yo lakay yo. Pitit ou a kapab pran yon klas nan yon lekòl

distri a ki ​​ap patisipe nan pwogram nan, pou yon peryòd

oswa pou plizyè klas espesyal.

 

Aprann plis sou PBC FlexAcademy ak fason pou w enskri.

Pèspektiv Yon Gradye: Eksperyans Pèsonèl

Pou Reyisi Nan Inivèsite

Foto yo fi blan ak yon vest wouj ki ap souri.

Avery Trieste, yon gradye nan Lekòl Segondè Wellington, pataje kijan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la te ede l nan eksperyans li.

 

Atravè pwogram bileng, Lang Siy Ameriken, ak pwofesè ki bay sipò, li te aprann twa lang, ansanm ak konpetans pou tout lavi nan konpasyon ak kominikasyon.

 

Kounye a li nan University of Tampa. Li ap fè nou konnen rezon ki fè Distri Lekòl Rejyon Palm Beach se Meyè Chwa pou elèv. 

Sipèentandan Burke Ap Mete Men Nan Pat La

Yon granmoun gason ki ap ankadre yon elèv gason pou montre yon bagay.

Nan epizòd sa a, Sipèentandan Michael J. Burke vizite Lekòl Primè Glade View pou l kapab fè eksperyans pratik ansanm ak elèv ki ap patisipe nan Pwogram Travay Tanporè pou Elèv nan domèn Antretyen ak Operasyon Enstalasyon (ki rele STEP an anglè).

 

Pwogram nan bay elèv lekòl segondè yo opòtinite pou yo fè lajan, aprann metye teknik esansyèl, epi jwenn eksperyans pwofesyonèl pratik bò kote ekspè nan domèn nan. Vin wè kijan pwogram estrawòdinè sa a ede elèv yo bati yon karyè.

Septanm Se Mwa Konsyantizasyon Sou Prezans Nan Lekòl

Yon jèn elèv blan ak yon chemiz blan ki ap souri epi leve men l.

Distri a renmen wè figi elèv nou yo ki ap souri epi ki pare pou aprann chak jou.

 

Lekòl se plis pase jis yon bilding; se yon fanmi ki gen sousi pou ou. Prezans ou enpòtan, epi chak jou ede fòme avni w.

 

Lè w pa ale lekòl, ou rate opòtinite pou w aprann. Pa kite absans afekte siksè w. Prezan jodi a, an avans demen!

 

Gade plis videyo sou enpòtans pou w ale lekòl regilyèman.

Prezantasyon Espesyal Lekòl: 

Lekòl Mwayen Wellington Landings

Yon adilt fi ki chita ak yon elèv fi adolesan nan yon konvèzasyon

Yo ankouraje elèv yo pou yo devlope nan domèn akademik, kreyatif ak pèsonèl, gras ak opòtinite ki depase anpil kad tradisyonèl yon klas.

 

Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Mwayen Wellington Landings.

 

• Klas: 6-8

• Maskòt: Aligatò

• Koulè: Oranj, Ble

 

1100 Aero Club Dr.

Wellington, FL 33414

561-792-8100

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Candy Hasan

Asistan Administratif Lekòl

Yon fi arab ak yon abiman charya arab

“Madam Hasan te pran inisyativ pou eksplike pwosesis epi ede yon fanmi aplike pou transpòtasyon.

 

Reyaksyon rapid li ak volonte li genyen pou l fè plis pase sa ki nesesè te ede paran yo pi byen konprann sitiyasyon an.

 

Jès senp men enpòtan sa a montre aklè jan li toujou devwe e jan li vrèman gen sousi pou elèv yo, fanmi yo, ak tout kominote Lekòl Sunrise Park la.”

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou jan li bay bon sèvis kliyantèl.

Pankat Fwa Kolèj Ak Karyè al foto yon jenn elèv nwa fi ak yon gason nwa ki ak chapo gradyasyon
Vaksinasyon gratis pou elèv