Madi 21 Avril 2020
4yèm Semèn Aprantisay Adistans
Nan katriyèm Semèn Aprantisay Adistans la modòd la se: Rete Motive ak Konekte, ede pitit ou reyisi, epi chache sipò pou ankadre l nan sa l ap aprann. Aprantisay Adistans la mande fleksibilite. Sonje rete ansekrite sou Google Meet epi pa pataje modpas ou ak lòt moun. Pou plis enfòmasyon: palmbeachschools.org/distancelearning.
Yon Milyon Repa Pandan Yon Mwa
Soti 16 mas, nou distribiye yon milyon pla manje pou yon mwa nan pwogram bay manje pandan peryòd Aprantisay Adistans la. Se yon gwo akonplisman. Nou ankouraje paran yo pou toujou ale pran manje pou fanmi yo. Lokal distribisyon yo nan plizyè lekòl nan tout rejyon Palm Beach la.
Mizajou sou Gradyasyon
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap òganize seremoni gradyasyon vityèl sou entènèt nan fen mwa me a ki ap suiv fòma seremoni gradyasyon tradisyonèl yo. Nou ap suiv sitiyasyon an pou konnen si lekòl yo ap kapab kowòdone aktivite pou onore elèv yo pandan ete a.
Men Orè Distribisyon Manje pou Semèn sa a
Y ap bay manje nan 35 lokal lendi, mèkredi, ak vandredi. Chak jou ou ale w ap kapab pran manje pou de jou. Y ap kenbe menm regleman pou distans sosyal epi paran pa bezwen ak timoun yo depi yo idantifye yo. SONJE! Lokal yo ap chanje lòt semèn.
G ade lis lekòl yo anba a.
Orè Difizyon Leson Ki Anrejistre Sou Televizyon
Rezo Edikasyon an (TEN) anrejistre leson sou Comcast kanal 234, AT&T U-verse kanal 99, ak kanal 12.2 (CBS 12's subchannel).

APRANTISAY ADISTANS PODY ÒM
Aprantisay Adistans mande pafwa kolaborasyon. De sè sa yo ap travay ansanm. BRAVO!
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766