Èske w te konnen Distri Lekòl Palm Beach County a gen yon biwo Enspektè Jeneral? Jwenn plis enfòmasyon sou wòl enpòtan manm pèsonèl Enspektè Jeneral Teresa Michael yo jwe nan Distri a. Gade videyo a.
Gade Cho Televizyon Nou "Enfòme W" Pou Semèn Sa a!
"Enfòme w" se vèsyon videyo bilten enfòmasyon nou chak semèn.
Felisitasyon pou elèv ki genyen Konkou Kat Souwè Sipèentandan an! Kat yo ap afiche nan Biwo Prensipal Distri a. Yo ap sou paj entènèt Distri a. Chak manm Komite Direksyon Distri a, direktè lekòl yo, ak patnè kominote yo ap resevwa yo. Pwofesè ak elèv ki genyen yo ap resevwa yon kopi enprime. Klike la a pou w li plis.
Anons Finalis Pou Pri Anplwaye Pou Ane A
Distri ap anonse finalis pri pou Direktè pou Ane a, Asistan Direktè pou Ane a, Pwofesè pou Ane a, ak Estaf Anplwaye Lekòl pou Ane a. Se ekip lidèchip chak rejyon yo ki chwazi finalis pa yo ak anpil atansyon. Tout kandida yo gen bon dosye nan bay kontribisyon egzanplè nan lekòl yo ak kominote yo. Klike la a pou w li plis.
Elèv Jwenn Rekonans Pou Aksyon Pozitif
"Woordchel montre respè," Jamilah St. Juste, yon anplwaye medya nan Lekòl la di. “Nan klas la, li toujou reponn kesyon pwofesè li yo. Pafwa, Woordchel tape pwofesè oswa parapwofesyonèl yo sou zepòl pou montre afeksyon li.” Klike la a pou w li plis.
Ekip Konstriksyon An T ap Travay Pandan Konje a
Pandan elèv ak estaf anplaye te an vakans pandan semèn aksyondegras la, lajan taks ou te kontinye ap travay. Se lajan santim taks la votè yo te apwouve nan referandòm 2016 la. Klike la a pou gade pwojè ki te ap reyalize yo.
Yon Elèv Nan West Boca Sove Yon Chofè
Lè Anthony Martinez te wè yon machin tonbe nan yon kanal, elèv klas tèminal sa a nan West Boca plonje dwat nan dlo a pou rale chofè a soti nan machin nan ki t ap koule.
Sezon fèt fen ane a rive sou nou. Nou envite w apresye pèfòmans elèv mizisyen nou yo ak chantè talantye yo. Mizik Sezon An ap disponib chak jou sou Kanal Televizyon Rezo Edikasyon an a 8 :00 nan maten, midi, ak 7 :00 nan apremidi. Yo ap disponib tou sou youtube.