28 Septanm 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Grafik ki make Mete Baz Pou Fiti w

Pwochen Etap Nan Pakou W Kòm Elèv Kòmanse La A:

Plis Pase 300 Pwogram, Ak Yon Evènman Ou Pa Dwe Rate

 

Ane pase a, plis pase 8.000 paran ak elèv te patisipe nan evènman anyèl "Ekspozisyon Lekòl Yo (Showcase of Schools)" la pou yo te kapab jwenn enfòmasyon sou plis pase 300 pwogram espesyal (Chwa) ak pwogram fòmasyon pwofesyonèl (Karyè) ki disponib nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach.

 

Chak elèv kapab jwenn yon bagay ki enterese yo. Nou angaje nou pou n ede yo jwenn chemen ki mennen nan siksè nan evènman ane sa a ki ap fèt madi 6 oktòb 2026 soti 4 p.m. pou rive 8 p.m.

 

Evènman an ap fèt nan Shiner Law Group Expo Center, nan South Florida Fairgrounds, ki sitiye nan 9067 Southern Blvd., West Palm Beach, FL 33411. Pakin ak antre gratis.

 

Klike la a pou w aprann plis. 

Retounen Nan Nich La:

Kijan "Èg" Crestwood Sa A Rejwenn Wout Lakay Li

Yo polis ak yon fi ki kanpe ak yon poto fèt an blad nan mitan yo

Nan seri “Dèyè Badj” la n ap fè konesans ak gason ak fanm ekstraòdinè ki fè pati Depatman Polis Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.

 

Nou te vizite Lekòl Mwayen Crestwood nan Royal Palm Beach, kote Ajan Polis Christopher Nickelson ap travay depi senk ane.

 

Men, li pa yon moun etranje nan lekòl la. Ajan Nickelson te yon elèv nan Crestwood lè l te piti.

 

Klike la a pou w fè konesans ak Ajan Nickelson.

Arianna Luzadder

Se Gayan Remèsye Yon Pwofesè Pou Semèn Nan

Yon fi blan ki kenbe yon gwo chèk nan men li

Semèn sa a, n ap mete Arianna Luzadder an vale. Li se yon pwofesè klas premye ane ki vrèman eksepsyonèl nan lekòl Hidden Oaks K-8 la. Anfèt, Madanm Luzadder se yon pwodui Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li fyè de sa anpil.

 

Li di misyon li se kreye menm kalite bèl souvni ki make lavi moun pou toutan pou elèv li yo, menm jan pwòp pwofesè pa l te fè sa pou li. Li reyèlman ap reyisi nan sa l ap fè a.

 

Gade kijan youn nan elèv klas premye ane li yo te rezime bon enfliyans li genyen sou yo.

Prezantasyon Espesyal Lekòl: 

Lekòl Segondè Olympic Heights

Yon pwofesè fi ki kanpe ak yon rad nwa nan yon klas ap lonje men l sou yon tablo elektwonik

Yo ofri tout opòtinite yon lekòl segondè tradisyonèl bay. Nan kanpis sa a, chak elèv santi yo nan plas yo. Yo devlope konpetans pou lavi reyèl, epi yo jwenn chemen ki mennen nan siksè.

 

Vin rankontre elèv ak anplwaye Olympic Heights yo.

 

• Nivo: 9-12

• Maskot: Lyon

• Koulè: Nwa ak Lò

 

20101 Lyons Rd.

Boca Raton, FL 33434

561-852-6900

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Janet King

ďťżAsistan Administratif

Lekòl Mwayen Lantana (Edikasyon Pou Adilt)

Foto figi yon fi blan ak yon gwo linèt nan je l

“Yo rekonèt Madan King pou sipò eksepsyonèl li bay divès depatman. Li toujou pare pou l pote èd lè kòlèg li yo bezwen resous, epi li toujou ofri solisyon efikas avèk yon atitid ki trè pozitif.

 

Fason li ye, avèk anpil konesans li genyen, fè li fasil pou moun abode l. Li vrèman reflete lespri travay an ekip, sa ki ede tout distri a fonksyone pi byen.”

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou jan li bay bon sèvis kliyantèl.

Pwomote Bon Konpòtman nan Aktivite Espòtif Nan Lekòl Segondè Yo

Yon fi blan fanatik espò ak yon mayo ble gen men li anlè ap chofe ekip li

Kanpay #BenchBadBehavior (Elimine Move Konpòtman) gen objektif pou fè evènman espòtif nan lekòl segondè yo tounen yon anviwònman pozitif pou tout moun. Respekte abit yo, advèsè yo, antrenè yo, ansanm ak lòt espektatè yo, epi selebre elèv k ap bay tout yomenm nan aktivite sa yo.

 

Pa gate plezi espò lekòl segondè yo pou elèv nou yo.

 

An n bay bon egzanp epi elimine move konpòtman yon fwa pou tout!

 

Li plis enfòmasyon sou kanpay la.

Vaksinasyon gratis pou elèv