Madi 18 Jen 2019          
SE SEZON VAKANS

Pase bon vakans!

Lekòl ap reouvri pou elèv lendi 12 out 2019.
PA TANN, VAKSINEN!

San vaksen ou pa kab ale lekòl. Se pa yon jwèt.
Asire w depi kounye a pitit ou pran tout vaksen l ap bezwen pou rantre lekòl ane sa a pou evite pase anpil tan kanpe nan liy.
Klike nan adrès apre a pou w jwenn enfòmasyon enpòtan ki soti nan Depatman Sante Eta Florid. https://www.noshotsnoschool.com/creole/.

Aktivite Pandan Vakans Ete
Elèv soti kindègatenn rive klas douzyèm ak tout paran yo kapab jwenn santèn aktivite ak resous pou kontinye aprann pandan vakans ete a pou anpeche yo fè bak pandan peryòd pa gen lekòl la. Paj entènèt la genyen aktivite pou tout sijè, lis lekti pou yo fè, enfòmasyon sou kan pandan vakans, aktivite kominotè, kote ki genyen sèvis, ak resous nan kominote a pou fanmi yo.   (Klike la a pou w li plis)
Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-738-2776  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.