Madi 12 Novanm 2019
KINAN NOU: Pwofil Lidèchip nan Distri a
An n Fè Konesans ak Guy Tabuteau, Asistan Direktè Lekòl Mwayen Segondè Pahokee  

Guy Tabuteau te kòmanse karyè pwofesyonèl li nan edikasyon an 1994 lè li te jwenn premye travay li kòm yon Fasilitatè Lang nan Lekòl Elemantè Washington. Depi lè sa a, li te travay nan divès kapasite nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, e nan mwa fevriye 2019, li vin Asistan Direktè nan Lekòl Mwayen/Segondè Pahokee.
Onore Veteran yo  

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la onore veteran yo, fanmi yo, ak tout ameriken ki aktyèlman ap bay sèvis yo, nan yon aktivite ki te fèt lendi 11 novanm nan biwo santral la nan West Palm Beach pou komemore Jou Fèt Veteran. Elèv nan plizyè lekòl yo te patisipe pou selebre jou sa a. 

Sware Patisipasyon Fanmi  

Vin patisipe nan Sware Patisipasyon Fanmi ki ap fèt Jedi 14 Novanm 2019 soti 5:30 pou rive 8:00 PM nan Lekòl Segondè Lake Worth. (1701 Lake Worth Rd., Lake Worth, FL 33460). Ap genyen plizyè sesyon ak aktivite. N ap fè distribisyon valiz ak manje gratis.   (Klike la a pou w wè flayè a)
Opsyon pou Vaksen Kont Grip

Responsab Sante yo ankouraje tout moun pran vaksen pou pwoteje tèt yo kont viris grip la.

Malerezman, Healthy Schools, LLC, ki bay vaksen kont grip pou elèv ki nan lekòl nou yo, sispann pwogram vaksen kont grip la pou ane lekòl sa a. (Klike la a pou w li plis)
Oktòb se Mwa Konsyantizasyon sou Vyolans Domestik
Nan reyinyon regilye li, Komite Direksyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach vote pou Pwoklame mwa Oktòb 2019 Mwa Konsyantizasyon sou Vyolans Domestik.

Remèsye Yon Pwofesè
Noelle Basore

Se yon pwofesè ki fèt Belle Glade epi ki dedye angajman l pou ede timoun nan kominote l. Li travay nan Lekòl Elemantè Belle Glade.
Ou gen dwa patisipe nan pwogram remèsye yon pwofesè sou paj sa a : palmbeachschools.org/thankateacher

KOMPLIMAN!

NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766