Distri A Apwouve Pi Gwo Ogmantasyon Salè Pou Pwofesè Pou Ane Akademik 2023-2024 La
Distri a rive jwenn yon akò ak Asosyasyon Pwofesè Lekòl nan Rejyon Palm Beach la (CTA) pou bay yon ogmantasyon salè mwayèn 7% ak yon bonis 3% pou anplwaye ki ap anseye yo.
Sipèentandan Mike Burke di: “Edikatè nou yo travay san pran souf pou elèv nou yo, nou kontan anpil pou n pwopoze ogmantasyon salè istorik sa a bay Asosyasyon Pwofesè Lekòl yo. Akò sa a pral ogmante salè pwofesè yo pi wo pase sa li te janm ye nan 30 ane ki sot pase yo. Nou espere li ede nou rekrite plis bon kalite pwofesè, epi montre apresyasyon nou pou edikatè nou genyen aktyèlman yo.”