Pataje Fyète Ayisyen w Ak Nou pou Fete Mwa Eritaj Ayisyen
Me se Mwa Eritaj Ayisyen. Pou montre fyète nou nan kilti ak istwa nou, tanpri pataje avèk nou foto pitit ou oswa foto w ak rad kiltirèl. Imèl: bito.david@palmbeachschools.org oswa pataje sou twitter @PBCSDKreyol.
Semèn Apresyasyon Pwofesè
Elèv ak anlwaye ap selebre pwofesè yo nan tout Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la diferan fason pandan Semèn Apresyasyon Pwofesè, men mesaj lanmou yo se yon mesaj inivèsèl. Gade de twa sipriz espesyal.
Rankontre Nouvo Chèf Depatman Polis Lekòl Distri a
Daniel Alexander pran kòmand Depatman Polis Distri a, yon pwomosyon ki vin fòmalize nan yon seremoni mete meday ki te fèt lendi 3 me a. Alexander gen responsablite pou kontinye gwo travay ki se dirije Depatman Polis Lekòl Distri a ki rekonèt kòm yon lidè nan tout peyi a nan sekirite lekòl. Klike la a pou w li plis.
Sipòte Ewo Manje Midi Lekòl Nou Yo
Vandredi 7 me se Jou Ewo Manje Midi Lekòl. N ap ankouraje elèv ak anplwaye pou mete rad jòn pou montre apresyasyon yo pou estaf Sèvis Manje Lekòl ki sèvi plizyè milyon pla manje pandan ane pase a.
Sipò pou Sante Mantal Disponib nan Lekòl nou yo
Me se Mwa Konsyantizasyon Sante Mantal. Nou kontan genyen pwofesyonèl sante mantal devwe nan tout lekòl nou yo. Jwenn ak yon pwofesè oswa yon administratè oswa cheke paj entènèt Caring First.
Fanmi yo Konekte Gratis sou WiFi Minisipal yo
Distri a kontinye ap travay pou fè plizyè milye elèv jwenn koneksyon entènèt lakay yo gratis apati pwojè ki rele Digital Inclusion. Aktyèlman gen paran nan Lake Worth Beach ki kòmanse ap konekte nan rezo Wifi a san peye. Gade videyo sa a pou w jwenn enfòmasyon.
Medya Sosyal Kreyòl Distri a Bezwen Nou Suiv Yo
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.