Madi 22 Jen 2021
Prepare w Pandan Vakans la
Fè aktivite pou w pa fè bak akademikman. Vizite paj sa a.

Kontinye devlope ladrès sosyal ak emosyonèl ak aktivite sa yo.
Men de twa konsèy pou elèv ki vle aplike pou travay pandan vakans la, oswa prepare pou rantre kolèj.
Distribisyon Manje Gratis Pandan Vakans la
Sèvis Manje Manje Lekòl la ap kontinye distribye manje gratis pandan vakans ete a apati madi 22 jen nan plizyè lokal. Y ap ajoute plis lokal lendi 28 jen. Tout sit ki gen lekòl pandan vakans oswa kan ete yo ap ouvri pou distribiye manje. Klike la a pou w li plis.
Elèv Klas Senkyèm ap Kite Souvni nan Lekòl Elemantè Grassy Waters
Elèv nan klas senkyèm yo ap genyen pou kite lekòl la pou ale nan nivo mwayen, men y ap kite anpil souvni nan Lekòl Elemantè Grassy Waters akoz yon pwojè trè kreyatif yo reyalize.
Rankontre Kèk Gradye Ki Bay Enspirasyon nan Pwomosyon 2021 an
Chak elèv ki gradye genyen yon istwa espesyal sou kijan yo te travay pou rive gradye. Tande istwa de twa ladan yo nan pwomosyon 2021 an ki ap di obstak yo te simonte.
Suiv Medya Sosyal Kreyòl Distri a Pou Enfòmasyon
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.
Aprann yon bagay nouvo pandan enstiti ete vityèl yo

Enstiti ete anyèl Distri a ap fèt nòmalman ane sa a, pou ofri piblik la yon opòtinite pou koute sesyon edikasyonèl yo lakay yo.