Madi 21 Janvye 2020
Onore Dr. Martin Luther King Jr.

Pou onore Martin Lugher King Jr. Elèv nan Lekòl Segondè Alexander W. Dreyfoos pwodui yon videyo pou pataje "RÈV" Doktè King. 
Li Pa Twò Bonè Pou Make Dat La

Jedi 23 Avril se ap jou pou mennen pitit fi w oswa pitit gason w travay avè w. Objektif inisyativ aktivite sa a se pou bay timoun yo yon ide kisa mache travay la ye.
Prepare Taks ou Gratis

Si revni fanmi w pa depase $66.000 pou ane 2019 la, ou kapab jwenn asistans gratis pou prepare taks ou nan youn nan lokal ki genyen volontè pou pwogram VITA ki ede moun ranpli taks yo. VITA se yon pwogram United Way Rejyon Palm Beach Patwone. Genyen plizyè lokal kote ou kapab jwenn sèvis VITA a. VITA ofri twa opsyon diferans pou preparasyon taks ou. Ou kapab fè oumenm sou entènèt oswa jwenn asistans yon volontè ki sètifye nan youn nan lokal ki genyen nan rejyon an.
Pa Bliye Dat Limit Pou Aplike a se ap Vandredi 24 Janvye

Sonje 24 janvye se dat limit pou aplike pou plis pase 300 pwogram ochwa ak karyè nan distri a. Seleksyon yo ap fè avan fen mwa mas apati pwosesis lotri a.

Resansman 2020 Etazini: Noutout Dwe Konte

Sa fè 24yèm fwa nan istwa peyi Etazini y ap fè yon resansman jeneral. Done resansman an pral detèmine kijan plis pase $675 milya dola nan lajan federal yo pral depanse pou sipòte pwogram eta yo, rejyon yo, ak kominote yo.   (Klike la a pou w li plis)
Opsyon pou Vaksen Kont Grip

Malerezman, Healthy Schools, LLC, ki bay vaksen kont grip pou elèv ki nan lekòl nou yo, sispann pwogram vaksen kont grip la pou ane lekòl sa a. Li enpòtan pou paran yo okouran de lòt opsyon kote vaksen kont grip la disponib pou timoun a ba pri oswa gratis. (Klike la a pou w li plis)
Remèsye Yon Pwofesè

Christian Aristilde remèsye pwofesè l Teal Pfeifer nan Lekòl Segondè Santaluces pou angajman l pou chanje lavi elèv, pou sipò li, pou èd li ak enspirasyon l pou anseye leson lavi pandan l ap anseye yo lang anglè.
   

KONPLIMAN!

Patisipe nan pwogram remèsye yon pwofesè sou paj sa a: palmbeachschools.org/thankateacher

NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766