Madi 6 Oktòb 2020
Fè Chwa w pou Semès la
N ap mande paran ak responsab yo pou finalize chwa yo pou enstriksyon pitit yo pou di si y ap fè l adistans oswa anpèsòn pou premye semès la. Konekte nan pòtal elèv la, epi endike sa. Klike la a pou w li plis.
Vizite Vityèlman Kolèj Rèv ou nan Eta Florid la
Nan vizit sa a elèv yo ap gen yon chans pou yo familiarize yo ak 12 Inivèsite ak Kolèj ki nan eta Florid la apati Vizit Kolèj Vityèl , ki ap mennen nan yon Sware Karyè Vityèl 21 Oktòb. Klike la a pou w li plis.
Oktòb se Mwa Konsyantizasyon sou Moun Andikape 
De premye semèn nan mwa Oktòb chak ane se Semèn Konsyantizasyon sou Moun Andikape. Se seksyon 1003.4205 Lwa Florid ki kreye selebrasyon sa a. Lwa a ankouraje lekòl yo pou bay enfòmasyon sou istwa andikape yo epi vulgarize kontribisyon yo.
Pouse Jenn Elèv ou Vin Antreprenè 
Young Entrepreneur Academy (YEA) / Akademi Jenn Antreprenè nan Fondasyon Edikasyon Chanm Boca, ki fè pati Golden Bell Education Foundation, ap aksepte kounye a aplikasyon pou pwogram Jenn Antreprenè. Se yon opòtinite pou jenn yo lanse pwòp biznis yo epi jwenn finansman.
Oktòb se Mwa Konsyantizasyon pou Maladi Disleksi
Èske w te konnen disleksi se andikap aprantisay ki pi komen? Genyen plizyè enfòmasyon disponib sou maladi Disleksi.