Vandredi 25 Me 2023
Tout Fanyon Vire Bò Epi Tout Diplòm Jwenn Mèt Yo. Distri A Di Pwomosyon 2023 A Yon Dènye Orevwa
 


Pwogram Sèvis Manje Pandan Ete A Ap Kòmanse Byento

Distri a ap ofri Pwogram Sèvis Manje pandan ete a pou bay timoun dejene ak manje midi GRATIS, manje ki ekilibre sou plan nitrisyonèl apati madi 30 me jiska vandredi 28 jiyè (jou semèn sèlman). Klike la a pou w wè lis lekòl nan distri a ki ofri manje gratis.

Anplis lekòl distri yo, y ap sèvi manje ak ti pase bouch nan 20 bibliyotèk nan rejyon an. Klike la a pou w aprann plis.
Elèv Yo Bay Yon Nouvo Siyifikasyon Pou Lekòl Elemantè Rolling GREEN Ak Pwojè Sa A
 
Pwofesè syans twazyèm ane nan Lekòl Elemantè Rolling Green, Mesye Alan Geppert, ap mete leson ane sa a an pratik. Elèv yo ap depoze kreyon yo pou yo vin aplike konpetans yo nan syans, teknoloji, jeni, ak matematik pou konstwi yon ti teren gòlf sou lakou lekòl la gras a yon sibvansyon GoTeach! ki soti nan Fondasyon Edikasyon nan Rejyon Palm Beach la.
 

Aktivite Amizan Pandan Ete A Nan Norton
 
Ann vin kreyatif! Moun ki abite nan Rejyon Palm Beach la kapab vizite Mize Norton nan West Palm Beach GRATIS chak samdi pandan tout ete a. Timoun ki poko gen 12 ane ak pwofesè yo kapab vizite gratis chak jou. Norton ofri yon seri pwogram ki ankouraje kreyativite ak enspirasyon pou tout fanmi an! Klike la a pou w wè orè ete a.
 
Genyen Pami Bèt Domestik Yo Ki Se Ewo Tou
 
Yon terapis kat pye ap fè yon gwo enpak nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Se Jaime, yon chen terapis ki kòmanse travay ak Depatman Polis Distri a sa gen anviwon yon ane edmi. Depi lekòl kòmanse chak maten li ap travay.
 
Detektif Scott Bresalier, nan Depatman Polis Distri a, di."Mwen konsidere Jaime kòm yon terapis kat pye. Li fè yon travay oumenm ak mwen pa kapab fè." Se lanmou san pretansyon, san kondisyon li bay lè yo jis manyen l. Ou pa bezwen pale pou sa.” Jaime genyen 6 ane. Yo ba li non youn nan viktim fiziyad ki te fèt nan Lekòl Segondè Marjory Stoneman Douglas.
 

Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.
Koneksyon Edikasyon Se Vwa Kreyòl Distri A Sou Radyo

Sonje Distri Lekòl Rejyon Palm Beach prezante KONEKSYON EDIKASYON. Koneksyon Edikasyon se vwa Kreyòl Distri a pou pote enfòmasyon pou paran ayisyen ak tout kominote a sou sa k ap pase nan lekòl yo ak nan distri a. Tout sa w bezwen konnen sou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach pou w pi byen patisipe nan edikasyon pitit ou
w ap tande l sou frekans
980 AM Radio Haiti Amérique Internationale jedi a 5:30 nan apremidi.