Vandredi 11 Mas 2022
Kijan Aprantisay Sosyal Emosyonèl afekte konpetans elèv?
Gade Cho Televizyon "Enfòme W"
Pou Semèn Sa a!

Sijè semèn nan se: Tès SAT ak Enpòtans Klas Avanse
ak Konseye Akademik Elzie Phanord.
Sipèentandan an Ap Mete Men Nan Pat la
Pou onore Jou Apresyasyon Anplwaye Mentnans yo, Sipèentandan Mike Burke te ale travay ansanm ak yon teknisyen HVAC pou pi byen konprann enpòtans travay moun sa yo nan Depatman Antretyen ak Operasyon.

Jenna Brouillette Se Pwofesè Pou Semèn nan.
Jenna Brouillette, yon pwofesè klas senkyèm nan Lekòl Elemantè Coral Reef, mete chak jou yon degizman Mickey pou fè kè elèv li yo kontan. Pou pasyon li, li jwenn nominasyon inisyativ "Remèsye yon Pwofesè" pou semèn nan. Gade videyo vizit sipriz yo fè l pou anonse l sa.
Lekòl Elemantè Belle Glade Genyen Yon Espas Inovasyon
Vandredi 4 mas 2022 yo te inogire nouvo Espas Inovasyon nan Lekòl Elemantè Belle Glade. Sipèentan distri a, manm komite direksyon distri a, ansanm ak tout envite yo te la pou koupe riban pou ouvri espas sa a. Se yon donasyon Orange Bowl, Komite Akèy CFPNCG ak College Football Playoff Foundation. Gade Videyo a.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.